Lendi 23 novanm 2026

Kilti

Troubleboy Hitmaker: nouvo klip li “Konte sou mwen” finalman disponib

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Homme en costume bleu assis à une table blanche avec un verre de vin rouge

Dènye albòm Troubleboy Hitmaker ki rele “Toxic” la ap kontinye ti wout li. Pou plezi fanatik li yo, atis la mete disponib videyo 4yèm mòso a ki rele “Konte sou mwen”.

Rapè Troubleboy Hitmaker anonse sòti klip ki rele “Konte sou mwen”, chante ki klase nan katriyèm pozisyon sou tou dènye albòm li ki rele « Toxic », pou dimanch 21 avril 2024 sa a apati 7è nan aswè.

Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️  https://bit.ly/3MOKF3G

Smith Étienne, nan konpayi Trillion Studios, ki dirije videyo a, e li gen tan rasanble plis pase sèt mil vi sou YouTube nan sèlman dezèdtan piblikasyon.

Klip sa a pèmèt konprann tout sans chante “Konte sou mwen” an. Pou kèk moun, se yon angajman solanèl marye yo pran youn anvè lòt pandan seremoni nòs yo pou relasyon renmen an dire, jan se ka nouvo marye yo prezante nan klip la.

Pou lòt moun, se yon pwomès yo renouvle bay moun yo marye avè l la. Jan se ka rapè Troubleboy Hitmaker, vrè non l Lord Wensky Jolissaint, ki te marye 7 out 2021 ak manadjè l Rose-Gaelle Jolissaint yo rele Cutie Ga. Anfèt, nan fen klip la, nou wè rapè a ap gade foto seremoni nòs yo ki te fèt Orlando, Ozetazini.

Albòm « Toxic » la, ki soti 14 fevriye 2024, gen 14 tit, ladan yo sis kolaborasyon, pami yo fame single “ Brize ” a, an kolaborasyon ak chantèz Tafa Mi-Soleil, akonpaye ak klip li 19 desanm 2023 kòm prelid sòti sizyèm albòm rapè Troubleboy Hitmaker.

Sous: Célébrité Magazine

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here