Madi 17 novanm 2026

Kilti

Ti Rivyè Latibonit: Nan direksyon premye edisyon festival “Trip Kalbas”

Pa Billy Doré

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Komin Ti Rivyè Latibonit ap pare pou resevwa premye edisyon festival kiltirèl ak atistik “Trip kalbas”, soti 29 rive 30 desanm 2021. Tankou yon bouf lè, festival sa a kote ekriven Adly Arthur se envite donè a pral yon pretèks pou rankont ak echanj kiltirèl pou patisipan yo.

Devan Palè 365 pòt la, batiman Henry Christophe te konstwi, moun Ti Rivyè ak popilasyon lòt komin ki toupre yo pral gen okazyon pou viv evènman sa a ki deja anonse l cho.

Pandan de jou sa yo, moun ki renmen aktivite kiltirèl yo pral gen bagay pou yo jwi. Nan meni an: konferans, atelye penti, atelye ekriti, lekti sou sèn ak prezantasyon pyès teyat, fwa liv ak lòt pèfòmans atistik.

Yo envite plizyè aktè nan chèn kiltirèl ayisyen an nan de jou aktivite sa yo: Ansky Hilaire, Chedlet Guilloux, Marc Exavier, Cauvin Plaisir, Miraklin André, H-Legba, Darly Renois, James Francisque, elatriye.

Festival sa a pati de konsta vil Louis Lamartinière a prèt pou pèdi relasyon pwòch li ak aktivite konsa, òganizatè yo vle kèlkeswa sa k rive kenbe flanbo a.

« Nou òganize festival sa a dabò ak lide pou pwomouvwa literati ak kilti ayisyen an. Answit, li vize enfliyanse plis jèn nan devlopman kiltirèl komin Ti Rivyè Latibonit », Grégory Forestal, prezidan komite òganizatè festival la, ki konnen sou ti non Malaba Pitit Plim, endike.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here