
Leylah Fernandez (19 an e 73yèm nan mond lan) se vrèman sansasyon US Open sa a New York. Kalifye yè pou 1/2F yo (yon premye nan Grand Chelem), jèn Kanadyèn nan kontinye enpresyone ak talan li ak tanperaman l.
Fèt Monreyal, ak yon papa ekwatoryen ak yon manman ki soti Filipin, Leylah gen yon talan ki sote nan je. Tout mond lan te dekouvri kapasite l nan twazyèm tou US Open sa a devan Naomi Osaka. Kapasite l pou chanje direksyon echanj yo byen vit fè advèsè l yo pèdi tèt. Kit se ak fowoun li kit se ak revè l, li souvan chèche kase monotoni a. Li renmen risk tou, li pa ezite frape boul ki touche liy yo, pou l pi byen debòde advèsè a. Pratik sa a, li sèvi avè l menm anba presyon. Leylah pa pè lage kò l, sa ki montre yon karaktè byen fò, sa ki etonan pou yon jwè laj sa a.
Pou kounye a, anefè, Leylah pa sanble pè anyen. Ni sa ki an jwèt la, ni advèsè l yo ki poutan pi byen klase pase l. Twa dènye viktim li yo: Naomi Osaka (#3 mondyal e ki deja genyen 4 Grand Chelem), Angelique Kerber (#17 e ki genyen 3 gwo tounwa) ak Elina Svitolina Monfils (#5 mondyal). Dènye match li kont Svitolina se te yon vrè batay, tiebreak sèt desizif la kote l soti ganyan 7-5 la se temwen. Premye viktwa l nan karyè l nan yon tiebreak twazyèm sèt.
Ak souri e byen detann nan konferans pou laprès, Leylah ap konkeri kè moun nan Flushing Meadows, l ap vin yon vrè zetwal. Piblik la renmen pasyon l, konfyans an tèt li li montre san l pa awogan. Anbyans elektrik New York la, li adore l. Sa pèmèt li bay pi bon tèt li, depase tèt li jan l te oblije fè nan tou anvan yo.
Nan demi-final, Leylah Fernandez pral fè fas ak Aryna Sabalenka, Byèloris #2 mondyal nan klasman WTA ki poko janm kalifye pou yon final Grand Chelem. Pandan l ap tann nouvo gwo defi sa a jedi, Leylah ap resevwa lwanj toupatou. Zetwal baskètbòl ameriken an, Magic Johnson, salye pèfòmans jwè a sou twitter. Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, te gen kèk mo pou jèn zetwal la tou atravè menm rezo a. Leylah te rankontre tou semèn sa a Lejann tenis Billie Jean King. Definitivman, se yon avanti fou!
Journaliste Sportif à Radio IBO depuis 2003, Jean Pierre Etienne a travaillé à la Télévision Nationale d'Haïti pendant 8 ans et à Télé Pacific pendant 2 ans. Il a couvert de nombreux évènements sportifs dont 4 Gold Cup aux Etats-Unis. Auteur de l'ouvrage "Au Coeur des Grenadiers" paru en 2020. Rédacteur Sportif à Hebdo24. Également Financier / Banquier de formation. Twitter : @jpehaiti
Tout atik li yo




