Pou gwo kè kontan fanatik li yo e sitou sa Slam yo, Nick le Martyr ap an konsè 19 fevriye 2022, nan Alvarez Resto Club. A 2è PM, espas sa a ki nan avni Jean Paul II, nan Pòtoprens, pral sèn aktivite sa a ki deja anonse l cho.
Konsè sa a vize, dapre NLM, ranmase lajan pou yon toune nasyonal epi pèmèt gran piblik la kontinye apresye 15 mòso premye mixtape li, “Konsa l vini”.
Malgre kriz politik, ekonomik ak sosyal ki frape peyi a chak jou, anpil jèn ap bay tout kò yo pou mete yon ti souri sou figi popilasyon an. Nan liy sa a, gen Nick le Martyr (NLM). Li konn jongle ak mo, dayè pasyon l se lekti, pwezi ak Slam.
“Mwen egziste atravè slam. Mwen pase emosyon m, pran pozisyon m epi denonse atravè slam”, jèn slamè a konfime, li menm ki pote chapo jounalis tou.
Li gen 28 an, vrè non l se Marc Nicolson Ricot, NLM fè SLAM tounen pastan l. Depi 2014, jèn moun Pòtoprens lan, nan Bibliyotèk Araka vil kote l fèt la, jwenn yon koridò pou l plonje nan linivè tandans mizikal sa a. Diferan mòso l yo fè lwanj lanmou, lapè ak anpil lòt tèm tankou jistis sosyal, egalite sosyal, elatriye.
“Slam ka sèvi kòm yon mwayen pou jèn nan peyi a leve. Gras a slam yo ta ka ekspoze potansyèl yo. Se youn nan eleman enpòtan pou epanouisman jenès ayisyen an”, NLM rakonte, li afime slam se yon abri pou li.
Apre li soti premye mixtape li yo rele “Konsa l vini”, Asosyasyon Slam Pwomosyon Pwezi ba jèn slamè a tit pi bon slamè ane 2021 pou kalite pwodiksyon l. Distenksyon sa a mete l sou tèt slamè ki gen renome nan peyi a. Se yon talan ki konfime.
Pou bay konsè sa a plis koulè, plizyè lòt atis ap la, ann site pami lòt: Jpanesty; Lord Imp; Negresse Colas; Minuscule; Pascale ak Bijou. NLM bay randevou, pou 250 goud, pou “Nome Zetwal”.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





