
Pibliye nan edisyon Milot, « Escalade d’une voyelle » se tit premye rekèy powèm Nerva Noël yo konnen sou non sèn Nervno fils de plume. Atis la fè anons lan sou kont Facebook li vandredi 19 avril 2024 ak anpil antouzyasm.
Nan yon mesaj li pibliye pou fanatik li yo sou platfòm Facebook, slamè a eksplike kijan zèv sa a te konsevwa. « Okòmansman mwen te vle ofri nou sa kè nou te anvi anpil la, dezyèm albòm Slam mwen ane sa a. Men mo yo deside pran vòl, yo glise ant dwèt mwen pou y al pran refij nan mitan paj yo e bay nesans a tou premye zèv mwen: “Escalade d’une voyelle», li ekri nan yon mesaj ki plen emosyon ak kè kontan.
Pou moun ki te resevwa Pri pi bon slamè entènasyonal 2023 la, tèks sa a antre nan kontinyite aktivite ekriti a.
«Vrèman, ekriti se yon odise k ap toujou drive. Anvan se yon jwèt, apre sa yon mennaj, apre sa yon mèt tiran, jan yon saj te di l», li kontinye.
«Escalade d’une voyelle» ap disponib an Frans nan Éditions Milot mwa pwochen an pou 12,99€. L ap disponib tou nan Fnac, Amazon, libreri des volcans, Chapitre, Cultura oswa Gilbert-Joseph.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 19 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





