Jedi 19 novanm 2026

Jistis

Sitiyasyon tansyon nan kapital ayisyen an!

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Bonè nan maten 21 oktòb 2021, sitwayen ki fache bare plizyè wout ak barikad. Kawotchou ki ap boule, moso pyebwa ak lòt objè mete an travè nan wout yo. Sikilasyon an prèske paralize, e se panik total.

Kapital ayisyen an leve sou tansyon maten an. Nan nivo Dèlma, sitwayen bloke plizyè lari. Otowout Dèlma chaje ak kawotchou ki ap boule. Nan nivo komin Petyonvil, sitiyasyon an pa diferan.

Sou wout Kanape Vè ak nan Lalue, wout yo fèmen tou. Sitwayen, pifò se motosiklis, ap pwoteste kont rate gaz. Yo plenyen tou kont machann detayan k ap revann galon gazolin yo a yon pri ki twò wo.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here