
Ensekirite k ap fè ravaj nan zòn metwopolitèn nan gen gwo konsekans sou moun ki soufri kansè, maladi kwonik oswa maladi kadyovaskilè. Se sa espesyalis sante yo fè konnen.
Nan sans sa a, chirijyèn Marie-Antoinette Gauthier, kansewològ Jean Cantave ak nemològ Jean Ardouin Esther Louis Charles eksprime enkyetid yo sou sitiyasyon sa a ki oblije pasyan yo rete fèmen lakay yo san yo pa ka fè swivi medikal ka yo mande. Doktè sa yo ankouraje otorite yo pran mezi ijan pou rezoud fenomèn ensekirite a nan peyi a.
Plis peyi a ap fon nan kriz sekirite ki pa janm wè a, se plis sektè medikal la ap afekte.
Men se pa tout. Ensekirite a gen grav konsekans tou sou malad ki, an tan nòmal, te deja gen difikilte pou jwenn swen sante. Nan kontèks kounye a, moun ki soufri maladi kadyovaskilè, maladi metabolik, kansè oswa lòt maladi an danje paske yo pa menm oze mete pye nan lari pou al fè swivi medikal.
Se yon sitiyasyon ki enkyete pwofesyonèl sante yo anpil, yo menm k ap poze tèt yo kesyon sou avni sektè medikal la ann Ayiti. Si yon bò, malad yo rete fèmen lakay yo akoz ensekirite, se menm bagay la tou pou doktè yo. Sa k ap pase nan peyi a kounye a se yon katastwòf, Dr Jean Cantave afime bò pa l, pandan l ap panse ak pasyan li ki gen kansè, ki eta sante yo mande yon swen serye e san rete.
Pou Dr Jean Ardouin Esther Louis, se yon vrè kalvè pou tout malad ki oblije fè fas ak estrès chak jou ann Ayiti. Devan gravite sitiyasyon an, nemològ la eksprime enkyetid li. Tout kondisyon yo reyini pou lòt moun tonbe malad akoz estrès nan peyi sa a ki li menm malad nan tout nivo, dapre anpil obsèvatè. Sa ki pi enkyetan, dapre espesyalis sante sa yo, se ke akoz fèmti pò yo ak ayewopò Kapital la, mank medikaman kòmanse fè l santi. Sa vin konplike sitiyasyon an pi plis.
Doktè yo, ki depase men ki enkyete, mande otorite yo pran mezi ijan pou rezoud fenomèn ensekirite a ann Ayiti. Apèl sa yo riske tonbe nan zòrèy soud, paske li klè dirijan yo pa twò enkyete pou kriz sekirite k ap ravaje peyi a depi plizyè ane deja.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





