Hervé Anténor yo rele Shabba sanble pa ka sipòte madanm li, Diane Claude Anténor, ankò apre sis ane lavi koup.
« Kòm pèsonalite piblik, mwen nan obligasyon pou m enfòme laprès an jeneral ak fanatik mwen yo an patikilye ke mwen fèk entwodui, pou plizyè rezon, yon aksyon an divòs kont Madan Diane Claude Anténor, mwen se mari l depi plizyè ane », tanbourinè a te ekri nan yon nòt li rann piblik jedi 2 desanm 2021 an.
Pi lwen, fondatè gwoup mizik « Ekip » la jistifye desizyon sa a pa volonte l pou evite ekri yon paj nwa nan istwa koup yo e pou byennèt pitit yo.
« Yon demann divòs motive depoze bò kote avoka m, e mwen remèsye nou pou diskresyon nou va byen vle bay lavi prive m ak sitiyasyon nou pa t swete sa a », Shabba konkli.
Li tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





