Elimine nan premye tou Gold Cup 2021 la e nan kous pou Qatar 2022, Grenadye yo ap kòmanse apati mwa septanm 2021 sa a yon long peryòd tranzisyon. Moman an rive pou fikse yon objektif e bay tèt yo mwayen pou rive ladan l. Gold Cup 2023 se objektif ki pi pre pou atenn. Men anvan sa, Jean-Jacques Pierre gen gwo defi pou l leve.
Jwenn match preparasyon ki itil
Grenadye yo pral fè fas ak Bahreyn ak Jòdani 1ye ak 4 septanm k ap vini yo nan Manama. De premye match ekip la apre eliminasyon nan premye tou Gold Cup 2021 la. Bahreyn se 94yèm mondyal nan Klasman FIFA mwa out 2021 e Jòdani 95yèm. Ayiti se 90yèm nan menm klasman sa a ki pibliye chak mwa.
De match sa yo dwe pwen depa a. San konpetisyon (Elimine nan Koup dimonn, Lig Nasyon yo an poz), ekip nasyonal la ap ka fè sèlman match preparasyon pandan 16 pwochen mwa yo. Jwe omwen de match nan chak ”Poz FIFA” nesesè. Se vre, planifye match amikal pa travay dirèk Jean-Jacques Pierre. Men li dwe ensiste bò kote dirijan FHF yo pou l jwenn match sa yo pou amelyore pèfòmans ekip la. Chwa advèsè pou fè fas ap enpòtan tou.
Izole pwoblèm ki pa espòtif yo
Te gen anpil pwoblèm ki pa espòtif nan seleksyon sa a ant mas ak jiyè 2021: prim match yo pa peye; pwoblèm administratif ak lojistik; jwè ki toujou pa kontan ak jesyon alantou seleksyon an e ki kritike òganizasyon an an piblik; pwoblèm tikè avyon ak jesyon Covid-19. Difikilte sa yo te enfliyanse pèfòmans ekip la negativman.
Nan kèk ka (Jesyon Covid oswa pwoblèm administratif), sa te lakoz plizyè Grenadye pa t disponib e nan lòt ka pi resan (prim match yo pa peye), yo te refize kategorikman onore yon konvokasyon nan ekip nasyonal la. Jean-Jacques Pierre ap dwe travay ansanm ak Federasyon an pou izole pwoblèm sa yo.
Reyini gwoup la
Jean-Jacques Pierre nouvo ak Grenadye yo kòm seleksyonè (ofisyèlman an pòs depi 11 mas 2021). Li te oblije entegre san nèf nan yon ekip ki pa t jwe match depi plis pase yon ane (soti novanm 2019 rive mas 2021). Jwè tankou Steeven Séance, Ashkanov Apollon, Carnéjy Antoine, Leverton Pierre, Jeppe Simonsen, Martin Expérience, Francois Dulysse te tout konnen premye konvokasyon yo nan ekip nasyonal A ak Jean-Jacques Pierre.
Kèk nan jwè sa yo te pran yon plas enpòtan byen vit nan gwoup la, sou do lòt jwè. Sa ki te fè kèk moun pa kontan. Ekip la dwe jwenn kowezyon l byen vit, linite sa a ki te kontribye nan siksè Gold Cup 2019 la.
Amelyore efektif la
An Ayiti, fanatik yo ap tann pou wè Grenadye yo rivalize ak pi bon ekip nan zòn nan: Etazini, Meksik, Kosta Rika, Jamayik, Kanada. Sa, malgre yon defisi flagran an tèm enfrastrikti, òganizasyon, mwayen finansye ak nivo parapò ak ekip nou site pi wo yo.
Foutbolè ayisyen an gen talan men li gen difikilte pou l enpoze l nan premye divizyon yon lig ewopeyen oswa nan MLS Ozetazini. Ekip Kanada a, pa egzanp, te gen yon kenzèn jwè nan MLS nan Gold Cup 2021, kote Ayiti te gen sèlman Derrick Etienne Jr. Grenadye nou yo nan Kazakstan, nan Chip, an Ayiti e/oswa nan 2yèm oswa 3yèm divizyon fransè oswa ameriken.
Kidonk, diferans nivo a gwo anpil. Sèl fason vrèman pou ranpli defisi sa a a kout tèm se rive konvenk kèk foutbolè ki gen orijin ayisyen, nan Ligue 1 oswa lòt kote nan premye divizyon, pou yo jwe pou Ayiti. Wilson Isidor (Monaco), Odsonne Edouard (Celtic Glasgow), Jean-Kevin Duverne (Brest), Yohann Etienne (Lorient), Yacine Fortuné (Angers) fè pati kategori sa a. Sa ta pote talan nan tout liy yo, eksperyans ak yon vekou nan wo nivo ki endispansab pou al chèche viktwa enpòtan.
Pwopoze yon pi bon foutbòl
Defi sa a se, petèt, sa ki pi enpòtan pou leve. Seleksyon nasyonal la montre limit li dènyèman kont gwo ekip zòn nan, li pèdi 3 fwa kont Kanada (nòt: 1-0, 3-0 epi 4-1) e yon fwa kont Etazini, 1-0. Sou plan defansif, ekip la pran gòl li te ka evite. Ant erè endividyèl, fot plasman ak non-respè konsiy taktik, Grenadye yo echwe. Jean-Jacques Pierre ap dwe travay pou jwenn yon ekip ki pi solid. Se endispansab.
Ekip nasyonal la souvan kreye okazyon gòl san l pa rive konkretize yo. Okazyon Derrick Etienne Jr kont USA nan Gold Cup 2021, anpil sitiyasyon gòl kont Matinik ka di anpil bagay. Nou panse ankò ak okazyon Ronaldo Damus ak Alex Christian Jr devan Kanada nan Gold Cup la.
Kidonk, fòk yo fè pi byen nan finisyon e petèt, jwenn yon lòt plan jwèt ki pral ede pi byen eksplwate diferan talan ki disponib pou kreye plis okazyon gòl.
Journaliste Sportif à Radio IBO depuis 2003, Jean Pierre Etienne a travaillé à la Télévision Nationale d'Haïti pendant 8 ans et à Télé Pacific pendant 2 ans. Il a couvert de nombreux évènements sportifs dont 4 Gold Cup aux Etats-Unis. Auteur de l'ouvrage "Au Coeur des Grenadiers" paru en 2020. Rédacteur Sportif à Hebdo24. Également Financier / Banquier de formation. Twitter : @jpehaiti
Tout atik li yo




