
Sébastien Migné pa seleksyonè ekip nasyonal foutbòl Ayiti a ankò. Federasyon ayisyen foutbòl (FHF) anonse, madi 14 jiyè a, fen kolaborasyon li ak antrenè fransè a, apre yon akò alamyab ant de pati yo.
Nan yon nòt, FHF rann omaj a pwofesyonalis, angajman ak travay Sébastien Migné fè pandan manda li alatèt Grenadye yo. Federasyon an souliye pasaj li ap rete grave nan istwa foutbòl ayisyen gras ak kalifikasyon istorik Ayiti pou Koup di mond FIFA 2026 la, yon premye depi sèl patisipasyon peyi a nan Mondyal 1974 la. FHF presize separasyon sa a fèt nan yon klima respè mityèl. Li remèsye ansyen seleksyonè a pou kontribisyon li nan devlopman foutbòl nasyonal la epi li swete l siksè pou rès karyè li.
Pandan l ap vire paj sa a, Federasyon an reyafime detèminasyon li pou kontinye efò modènizasyon ak devlopman foutbòl ayisyen an, ak anbisyon pou konsolide akè dènye ane sa yo.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yo




