Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) mande, madi, otorite Ayiti ak Repiblik Dominikèn retabli dyalòg sou konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la, bò kote ayisyen.
« Sitiyasyon aktyèl la pa nan enterè okenn nan pati yo. Li esansyèl pou otorite dominiken ak ayisyen yo rankontre pi vit posib pou mennen yon dyalòg franch, kote Sekretarya jeneral OEA ak Sekretè jeneral li pi byen dispoze pou kolabore nan rechèch yon solisyon ki bon pou de peyi yo », Sekretè jeneral OEA a, Luis Almagro, deklare nan yon nòt.
« Pa gen okenn dout Ayiti ak Repiblik Dominikèn gen dwa itilizasyon egal sou rivyè Dajabón oswa Masak la e resous dlo l yo enpòtan anpil pou toude, lè w konsidere bezwen abitan yo, sitou nan kontèks sechrès aktyèl la. Itilizasyon sa a dwe asire dapre dwa entènasyonal ak trete ki an vigè ant de peyi yo », nòt la endike.
Anplis, li souliye li endispansab pou rezoud kontwovès sa a sou baz prensip bon vwazinaj ak amitye ki ini de peyi yo ak dirijan yo. Nan lespri sa a, li kwè, dyalòg ak konpreyansyon mityèl enperatif, sa ki pèmèt evite tout tansyon e travay ansanm pou simonte dezakò yo.
« Nan sans sa a, Sekretarya jeneral OEA ofri sipò l, swa dirèkteman, swa atravè nenpòt Eta asosye oswa òganizasyon sou-rejyonal, pou kolabore sou tout aspè ki nesesè pou rezoud diferan an », nòt la konkli.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Akò sekirite ant Ayiti ak Salvador: Alix Didier Fils-Aimé mete ijans nasyonal la devan enkyetid Amnesty International
sa gen 17 minutes
Wotasyon diplomatik: Raina Forbin devan ka Pascale Guéry, 37 an nan anbasad Sendomeng
20 nov
Forum Pari sou lapè: minis Raina Forbin mande pou kominote entènasyonal la mobilize plis pou Ayiti
12 nov
Bukele mande Ayisyen reprann kontwòl peyi yo epi prezève eritaj Desalin
4 nov





