Nan Wanament, sitiyasyon an te monte yon wonn madi 7 novanm 2023 sa a, apre sòlda dominiken te antre nan espas ayisyen an. Dapre sous ki dakò, militè Repiblik vwazen an menase ajan Brigad Siveyans Zòn Pwoteje yo (BSAP) ak travayè ki angaje nan konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la.
Abò plizyè machin, militè dominiken sa yo travèse liy fwontyè a, an vyolasyon respè entegrite teritwa ayisyen an. Sa ki kreye yon van panik nan zòn nan. Yon elikoptè dominiken menm te travèse espas ayeryen Premye Repiblik nwa a.
Ann souliye, depi konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la, relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn frèt kou glas. Dominiken yo pa jire pase kanpe travay yo; bò kote ayisyen, detèminasyon pou fini konstriksyon priz la pa febli. Dapre kèk analiz, Ayiti ap fini pa genyen.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Wotasyon diplomatik: Raina Forbin devan ka Pascale Guéry, 37 an nan anbasad Sendomeng
20 nov
Forum Pari sou lapè: minis Raina Forbin mande pou kominote entènasyonal la mobilize plis pou Ayiti
12 nov
Bukele mande Ayisyen reprann kontwòl peyi yo epi prezève eritaj Desalin
4 nov
Alix Didier Fils-Aimé plede pou ranfòse relasyon ant Ayiti ak Espay
12 okt





