Ane 2021 an make jibile sèvis Reveran Pè Joseph Hercule. Pou okazyon an, tout yon seri aktivite prevwa. Ane sa a, anivèsè sa a tonbe menm lè ak fèt Saint Joseph Lazil.
Rèv li te toujou se te vin prèt pou l mete tèt li nan sèvis Bondye.
Laureya pwomosyon l nan klas tèminal nan Lise Alexandre Pétion, jèn Hercule te aksepte nan gran seminè Pòtoprens san l pa t pase egzamen admisyon yo. Se yon ansyen anfan de kè nan pawas Saint Antoine Vye Bouk e manm koral legliz sa a tou. Se poutèt sa fanmi l te toujou konseye l pran chemen sasèdòs la.
Pèsekite pa diktatè François Duvalier, Jezuit kongregasyon seminaris la te fè pati a te oblije kite peyi a.
An 1971, Hercule òdone dyak tranzitwa pou yon peryòd yon mwa. Menm ane a, Monseyè Goin, Evèk Okay nan epòk la, òdone l “Prèt” nan katedral Notre Dame Okay.
Kire nan 8 pawas, kounye a an retrèt nan pawas Saint Joseph Lazil depi 2014, prèt Joseph Hercule te sèvi tou nan pawas Sainte Cécile Pliché ant 1975 ak 1981.
Ant 1978 ak 1988, li te kire nan pawas Sen Jan di Sid. Soti jiyè 1988 rive mas 1997, li te dirije pawas Sainte Anne Anso. Pawas Sainte Catherine d’Alexandrie, li te dirije l ant 1997 ak 2005. Ant oktòb 2005 ak out 2009, yo te nonmen Pè Hercule kire nan pawas Saint François Xavier Fon-de-Blan.
An 2009, yo te nonmen l nan pawas Saint Joseph Tòbèk, li te kite l an 2010.
E finalman, anvan l pran retrèt li, li te nan sèvis Bondye nan pawas Saint Michel Nip ant 2010 ak 2013.
Jodi a, Reveran an di li rekonesan anvè Senyè a ki pèmèt li rete fidèl nan ministè a pandan tout ane sa yo.
Ak yon sante solid, oktojenè a toujou ap dirije mès, batèm e pafwa fineray.
Pou jèn ki vle vin prèt, Hercule rekòmande pou yo mete vokasyon yo a leprèv atravè egzèsis lafwa.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




