
Yon polisye ak omwen kat jounalis touye, pandan yon tantativ otorite yo te fè pou relouvri Lopital Inivèsite Leta d Ayiti (HUEH), 24 desanm 2024 sa a. Se plizyè travayè laprès ki nan medya an liy ki te vin kouvri relouvèti HUEH la, 24 desanm 2024.
Dapre enfòmasyon ki disponib, moun ki te ame lou louvri dife sou lokal pi gwo sant lopital peyi a. Sa ki kreye yon sèn panik, nan zòn enstitisyon an, nan anba lavil Pòtoprens. Pami lòt jounalis ki blese yo gen Petyon Robens, Réginald Baltazar, Miracle Velondie, Florise Deronvil, Jean-Jack Aspèges, Jocelyn Justin ak Rosemond Vernet.
Minis lan te pwomèt relouvri HUEH anvan Nwèl e, lendi 23 desanm, li te enstale Dr Prince Pierre Sonson kòm nouvo Direktè egzekitif lopital la, yon zak ki te make yon etap kle nan preparasyon yo.
Plizyè jounalis ak travayè laprès bloke anndan batiman an, sa ki kreye yon sitiyasyon laterè nan anba lavil la. Dram sa a montre yon fwa ankò vilnerabilite enstitisyon piblik yo devan ensekirite k ap monte nan Pòtoprens.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





