Dimanch 22 novanm 2026

Diplomasi

Rapatriman: Repiblik Dominikèn vin pi di devan agresivite Ayisyen yo

Pa Darling Valentin Cabé

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Depi plizyè ane, Repiblik Dominikèn reprezante yon eldorado pou kèk Ayisyen ki pa gen anpil mwayen, ki travèse fwontyè a an kachèt. Se yon bagay ki enève otorite lòt bò Zile a. An efè, Direksyon Jeneral Migrasyon an avèti, dènyèman, li p ap pèmèt Ayisyen ki pa gen papye kontinye simen dezòd pou yo pa arete yo epi rapatriye yo, jan sa te pase nan Ciudad Juan Bosch. Se direktè jeneral migrasyon an, Enrique García, ki lanse avètisman an.

Nan yon videyo ki pase sou rezo sosyal yo, nou wè yon gwoup Ayisyen ilegal k ap voye wòch ak boutèy nan Ciudad Juan Bosch, sou enspektè Depatman kontwòl imigrasyon, Direksyon jeneral migrasyon an, pou yo pa arete yo.

Enrique García, pandan l t ap pale de ensidan an, raple se pa premye fwa Ayisyen san papye afwonte inite migrasyon k ap travay nan operasyon deteksyon ak rapatriman yo.

Pi lwen, responsab la souliye, nan lòt okazyon anvan, te gen ka blesi ak kout kouto, wòch ak baton pandan desant pou arete Ayisyen ilegal.

« E malerezman maten an moun ilegal sa yo rasanble an bann epi yo atake ak wòch, baton, manchèt ak lòt objè file inite Direksyon jeneral migrasyon an, ki, lè l wè atitid vyolan yo, sa l fè se retire kò l pou evite yon malè », Mesye García deklare.

Konsènan ensidan an, responsab la di li repete sa li te di nan lòt okazyon, sa vle di migrasyon respekte dwa moun ak pwosedi regilye moun san papye yo, men li avèti li p ap pèmèt mank respè.

Li souliye enstitisyon an pral pran mezi ki apwopriye e pèsonèl la pral retounen nan Ciudad Juan Bosch nan jou k ap vini yo pou fè operasyon nan nenpòt kote ki nesesè.

« Nou pral ale ak pwoteksyon ak sekirite ki nesesè pou nou fè travay lalwa etabli a », direktè jeneral migrasyon an, Enrique García, deklare, pandan l presize ekip la te ale sou plas la ak ti kras pwoteksyon militè ak polisye paske yo pa t panse yo t ap jwenn kalite rezistans sa a nan men Ayisyen ilegal nan sektè sa a.

« Nou p ap fè bak e nou p ap tolere okenn jan moun ki ilegal nan peyi a manke otorite migrasyon yo dega », responsab la avèti, pandan l repete òganizasyon an pa otorize fè aksyon ak abi kont Ayisyen ilegal oswa lòt nasyonalite.

« E lè nou te oblije pran mezi drastik kont yon anplwaye ki te vyole rekòmandasyon yo, nou te pran sanksyon ki nesesè kont li », Enrique García konkli.

Ann note, ann Ayiti, otorite yo poko pwononse yo sou ensidan ki te pase nan Ciudad Juan Bosch la.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here