Chantè R Smith, vrè non l Jean Ricard Smith, bay gran piblik la, nan fen ane 2023, premye pwojè pèsonèl li. Se yon extended play (EP) ki rele “Dieu fils” e ki gen 6 mòso. Kounye a, demi-finalis The Voice Dominicana 2022 la ap louvri kè l bay melomàn li yo.
Fèt 17 me 1994, Jean Ricard Smith soti Thomassin 25. Pitit pastè, ki soti nan yon fanmi kretyen, R Smith te aprann chante byen jèn legliz e jwe gita. Mizik se te miz li pandan tout lavi l. Yo te dekouvri talan Jean Ricard Smith legliz ak nan ansyen lekòl li ki Thomassin 48.
Apre etid segondè l, jèn gason an chwazi etidye jeni sivil anvan l abandone l pou rezon finansye. Kòm li te eseye jongle ant etid ak mizik sou ensistans papa l, jèn Smith fini pa abandone etid li akoz ensekirite pou l al enstale nan Repiblik Dominikèn apre sa.
Patisipasyon l nan konkou The Voice Dominicana 2022 te jwenn gwo sipò bò kote anpil pèsonalite nan mond mizik ayisyen an, tankou defen Mikaben. Apre li te pase etap demi-final konkou a, R Smith aprann anpil nan bèl avanti sa a ki pèmèt li grandi e depase tèt li. Atis la di li anba enfliyans tout moun ki ekri pou bi edikatif ak enstriktif.
EP “Dieu Fils” la gen sis (6) mòso li chante an kreyòl ak an anglè. Chante «Dieu Fils» la pale de ensekirite ki ka frape nenpòt moun, nenpòt ki lè an Ayiti. Chante «M pap fon pa» a, ki gen yon videyo, se yon pwomès fidelite ak atachman anvè moun li renmen an. Videyo a mete an liy 1ye fevriye 2024 e se Eddy Fleursaint nan gwoup Sekoya Community ki dirije l.
Nou jwenn sou albòm nan kolaborasyon ak atis ki soti nan diferan orizon. Rapè Fantom ak R Smith, ki konsyan enpwisans yo devan pèt moun yo renmen, pataje yon pwomès nan «Si w ale avan». Patisipasyon T-Sonny Vegas sou chante «Priye pou mwen», kote R Smith mande sipò lapriyè apre li fin tonbe damou pou yon fanm ki pratike vodou.
Pwodui a te ofri piblik la 12 desanm 2023. Atis endepandan an pwodui premye EP li li menm e li deja ap travay sou yon dezyèm pwojè mizikal pou 2024.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




