Nan lokal Banj nan Dèlma 66, vandredi 9 avril 2021, yon konferans te fèt pou prezante laprès pwojè sa a yo rele PROPRES. Marie Sofonie Louis, Antrenè seleksyon fanm foutbòl anpite yo, te pwofite prezante gran piblik la Mesye Francillon Chéry, nouvo prezidan Asosyasyon Ayisyen Foutbòl Anpite (AHFA) ki ranplase Mesye Ariel Valembrun nan pòs sa a.
Premye objektif pwojè sa a se fòme 50 fanm andikape, si nou kwè Madan Louis.
PROPRES se inisyativ sa a ki pral travay nan sansibilizasyon atlèt yo pandan l lanse yon plèdwaye kont vyolans, abi, eksplwatasyon ak arasman seksyèl yo fè fanm andikape nan milye espòtif.
Sou tèm kle sa yo, espòtiv sa yo pral jwenn yon fòmasyon. Nan fen fòmasyon sa a, rekòmandasyon yo pral soumèt bay otorite konpetan yo pou swit ki nesesè yo.
AHFA gen entansyon òganize yon atelye pou jounalis yo sou tèm ki gen pou wè ak espò sa a. Yon kad asosyasyon an pral prezante yon seminè fòmasyon pou jounalis yo sou règ foutbòl anpite ak sou narasyon espò sa a moun pa twò konnen nan mond lan.
Doktè Vladimyr Saint-Surcis pral entèvni sou relasyon ki egziste ant medsin ak foutbòl anpite. Ap gen yon atelye pou jounalis yo sou atik 6 ak 16 règleman foutbòl anpite a.
De gwoup jounalis pral gen pou pwodui yon spò piblisitè ki pa depase 45 segonn. Yo pral chwazi pi bon an e yon prim rezève pou yo.
Nan objektif pou l enfòme l sou posib mekanis Leta genyen pou pwoteje dwa fanm andikape nan milye espòtif, pwojè sa a yo rele PROPRES gen entansyon rankontre sekretè Deta espò a pou yon echanj. Estrikti sa a vle asire l gen lwa ki pwoteje dwa yo. Li swete, si se pa sa, pwopoze antite sa a yon bagay.
Pou fini seri aktivite sa yo an bote, yo pral òganize yon kòktèl an prezans laprès pou soumèt Minis Espò a, Minis Kondisyon fanm ak Dwa fanm nan ak Sekretè Deta Espò a kaye dechaj ki gen sentèz tout rekòmandasyon yo.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




