Moun ki dèyè Pri 5 kontinan Frankofoni an fè apèl a editè ki pibliye yon tèks fiksyon naratif ant 1ye jiyè 2023 ak 30 jen 2024. Yo dwe soumèt tèks la anvan 31 jiyè 2024, dat limit lan, pou jiri ki pral delibere a.
Yo ankouraje anpil editè ki pibliye yon zèv orijinal ant 1ye jiyè 2023 ak 30 jen 2024 pou yo soumèt kandidati otè yo anvan dat limit 31 jiyè 2024 la. Avantaj patisipasyon nan pri sa a gen ladan yo yon okazyon inik pou fè otè yo klere sou plan entènasyonal ak yon rekonesans pou kontribisyon nan pwomosyon Frankofoni an. Yon jiri ki gen pèsonalite ki gen renome nan mond literè a pral evalye zèv yo.
Pri 5 kontinan Frankofoni an te kreye an 2001 pa Òganizasyon entènasyonal Frankofoni an (OIF). Chak ane, yon jiri konsakre yon tèks fiksyon naratif (woman, resi ak rekèy nouvèl) orijinal. Misyon l se mete aklè talan literè ki reflete ekspresyon divèsite kiltirèl ak editoryal an lang franse sou senk kontinan yo.
Ane sa a, se ekriven kebekwa ki gen orijin ejipsyen, Eric Chacour ki genyen, madi 26 mas pase a, Pri 5 kontinan Frankofoni 2024 la ak woman li « Ce que je sais de toi » ki pibliye nan edisyon Alto (Kanada-Kebèk) ak Philippe Rey (Frans). Pou mansyon espesyal jiri a, yo bay li a Maroken Khalid Lyamlahy pou woman li « Évocation d’un mémorial à Venise » ki parèt nan edisyon Présence africaine (Frans, 2023).
Moun ka konsilte enfòmasyon sou kritè elijiblite ak pwosesis soumisyon an atravè lyen sa a: https://ow.ly/VhYA50R36hE.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





