
Polis nasyonal d Ayiti (PNH) franchi yon etap enpòtan nan batay li kont ensekirite lè li lanse yon platfòm nimerik piblik pou idantifye moun yo ap chache atravè peyi a. Se pòtpawòl enstitisyon an, enspektè Garry Desrosiers, ki fè anons lan pandan yon konferans pou laprès lendi a.
Aksesib sou entènèt nan dcpj.gouv.ht, sit sa a rasanble pwofil fijitif k ap kouri depi 2004, manm gang yo idantifye ansanm ak lòt moun otorite jidisyè yo ap swiv. Chak fich gen done presi: foto, deskripsyon fizik, rezon rechèch, ak enfòmasyon jidisyè.
« Zouti sa a ranfòse transparans, mobilize popilasyon an e modènize metòd nou yo », Garry Desrosiers deklare. Li ensiste sou nesesite platfòm sa a pou ankouraje kolaborasyon sitwayen yo, pandan l ap souliye « yon popilasyon ki byen enfòme vin yon alye presye nan batay kont krim ».
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Ofansif kont gang yo: fòs ayisyen ak salvadoryen yo pran lokal EDH nan Bisantnè
15 nov
Pòtoprens: PNH ak sòlda salvadoryen yo reprann kontwòl Estad Sylvio Cator
13 nov
Operasyon salvadoryen ann Ayiti: Alix Didier Fils-Aimé ak Nayib Bukele byen antann yo
10 nov





