Fòs lòd yo te mete bèl enèji pou eseye mete gang kriminèl « Izo » ap dirije nan Village de Dieu a nan kondisyon pou l pa ka fè mal ankò. Malerezman, kèk obsèvatè regrèt, efò Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) yo prèske pa bay anyen. Bandi yo retounen nan travay yo nèt.
Depi yo te boule traktopèl la, lendi 22 me 2023, ajan lòd yo sanble deklare yo « pèdi ». Rezon an: Matisan toujou anba kontwòl bandi yo. Se sa responsab Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè d Ayiti (APCH), Méhu Changeux, fè konnen, ak lapenn.
Toujou dapre sendikalis la, pou kounye a, malfektè yo ogmante frè pasaj yo, ki soti nan 30 000 goud rive 40 000 goud ale-retou pou Okay ak Jeremi.
« Si PNH vle fè yon bagay toutbon, l ap oblije pran kontwòl sou-komisarya Matisan an », nimewo en Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè d Ayiti (APCH), Méhu Changeux, lage.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





