Deja twa mizik an liy nan pwojè albòm Apachidiz la. Apre “M ap tann” Tjoe Zenny chante, “Si m te nan plas ou” Pablo chante, se tou pa Mélo pou moun apresye l. Label Apache World Music soti samdi 30 mas 2024, sou chanèl YouTube li, twazyèm mòso a ki rele “Peche” kote vwa Mélo parèt.
Atravè mizik sa a, Mélo jwe wòl yon pèsonaj an koup ki boule ak dezi seksyèl pou yon lòt fanm jis li vin obsede. Se de la tit chante a “Peche” soti.
Depi li soti, mòso a rasanble plis pase 8000 vi sou chanèl ofisyèl label AWM nan. De lòt chante yo, sa vle di “M ap tann” ak “Si m te nan plas ou” rasanble respektivman 831 000 ak 71 000 vi.
Depi lansman l, Apache World Music gen lide ofri moun ki renmen mizik an Ayiti yon albòm ak vwa de atis label la, Pablo ak Mélo, ak chantè vedèt Kreyòl La Tjoe Zenny. Konsa, chak ladan yo chante yon chante pou anonse albòm nan.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





