Madi 17 novanm 2026

Espò

Paris Saint-Germain anvi Ousmane Dembélé

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Konsyan kontra atakan Fransè a, Ousmane Dembélé, ap fini an jen ane pwochèn bò kote FC Barcelone, milyadè katari Paris Saint-Germain yo ta anvi rekrite ansyen jwè Borussia Dortmund lan. Malgre “ajan l ta deja pwopoze l an Angletè”, 24matin.fr, yon jounal fransè, te fè konnen.

 

Pandan prezidan klib Blaugrana a, Joan Laporta, pa vle sitiyasyon Messi a repete ankò nan klib la, pou rezon sa a li te vle renouvle kontra jwè ki rive nan tèm yo.

Si pou kèk gwo espwa klib la tankou Ansu Fati ak Pedri, renouvèlman yo prèt pou efektif, pou lòt tankou Ousmane Dembélé, sa sanble konplike. Yon sitiyasyon ki ta ka fè zafè klib kapital fransè a, PSG.

Paske moun renmen jwè a anpil nan vestyè katalan an, prezidan an sanble optimis sou yon posib pwolongasyon entènasyonal ble-blan-wouj la. Malgre diferan blesi repete ak difikilte adaptasyon jwè a.

Sepandan, ajan l sanble ap fè bri parapò ak yon posib kontinyite Dembélé nan Katalòy paske li ta deja pwopoze l bò kote Angletè.

Anplis, klib parizyen an sanble byen plase pou l rekrite ansyen jwè Rennes lan pou l pi byen prepare l devan yon posib depa Kylian Mbappé Real Madrid ap swiv, malgre manman l te pale an favè yon pwolongasyon atakan parizyen an.

Ann raple Ousmane Dembélé te rekrite an 2017 nan Borussia Dortmund pou ranplase Neymar Jr ki te ale nan epòk la nan Paris Saint-Germain (PSG). Men, blesi repete fè jiskaprezan Fransè a poko jwenn pi bon foutbòl li, sa ki te fè l, nan Dortmund, youn nan pi gwo espwa nan pòs li.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here