Samdi 28 novanm 2026

Kilti

Pari selebre Dany Laferrière ak “Un cœur nomade”

Pa Hebdo24

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Portrait d'un homme afro-caribéen devant un mur coloré flou

Depi 5 avril, nan Pari, yon ekspozisyon kòmanse e l ap fini 12 me 2024 pou rann omaj a dis an antre Dany Laferrière nan Akademi franse a. Ekspozisyon sa a ki rele “Un cœur nomade”, se vil Pari ak enstiti Lafrans ki pote l nan kad Festival Liv Pari a.

Soti 5 avril rive 12 me, gran piblik ki renmen la e ki li Dany gen okazyon pou l plonje nan linivè atistik otè a, atravè yon ekspozisyon sou pon Arts ak devan Enstiti Lafrans nan Pari. « Un cœur nomade ap mete aklè travay atistik li ak rapò li ak teritwa frankofòn li aprann konnen pandan vwayaj li Kebèk, Ayiti oswa an Frans », nòt pou laprès la endike. Enspire de senk nan liv grafik anblematik li yo tankou « Autoportrait de Paris avec Chat », « Vers d’autres rives », « L’exil vaut le voyage », « Sur la route avec Bashō » ak « Dans la splendeur de la nuit », ekspozisyon an ofri vizitè yo yon plonje pwofon nan linivè otobiyografik li.

Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️  https://bit.ly/3MOKF3G

Ekspozisyon sa a gen sipò gwo patnè kebekwa tankou Konsèy la ak lèt Kebèk (CALQ), Sosyete devlopman antrepriz kiltirèl (SODEC), Tourisme Montréal ak Vil Monreyal. « Un cœur nomade » antre nan kad Festival Liv Pari a e li ranfòse lyen kiltirèl ant Lafrans ak Kebèk, pandan l ofri posiblite pou dekouvri zèv fasinan Dany Laferrière e pou al rankontre otè a atravè vwayaj li yo.

Pèsonalite enfliyan kontan dèske yo ka akeyi ekspozisyon sa a nan Pari. Carine Rolland, adjwen Majè Pari ki responsab kilti, souliye enpòtans Pari nan lavi ak zèv Dany Laferrière. « Mwen mache lajounen kou lannwit nan Pari depi tèlman lontan deja ke m mande tèt mwen kiyès ki abite lòt la, toujou emosyone lè m konnen yon powèt yo rele Villon te fè l anvan m. » otè a ekri nan sans sa a. Pou Xavier Darcos, chanselye Enstiti Lafrans, li kontan pou ekspozisyon sa a ki make dis an imòtalite otè a nan Akademi franse a, e li remèsye enstitisyon patnè yo.

« Un cœur nomade » enstale nan Vil Limyè a an patenarya ak Festival liv Pari a, Asosyasyon nasyonal editè liv (ANEL) ak Delegasyon jeneral Kebèk nan Pari. Men yo te prezante ekspozisyon sa a pou premye fwa nan Monreyal an 2020, e vil tankou Frankfò ak Tinis te resevwa l apre sa. Yo te akeyi l tou nan katye jeneral Nasyonzini, nan New York. Tout kote l pase, li rete yon envitasyon pou vwayaje ak Dany Laferrière.

Sous: Célébrité Magazine

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here