Jèn atis Hip Hop ak R&B Pape John ki te vin koni pou gran piblik la an 2020 gras ak chante «Sanblan», yon kolaborasyon ak chantè K-Dilak, anonse sòti premye albòm li pou 2024.
Natif Pòdepè, François John Marc yo rele Pape John prezan sou anpil kolaborasyon remakab ak talan konfime nan endistri mizik ayisyen an tankou rapè Big Jim, Pikan, Atros nan fame gwoup Rockfam nan. Atis la anonse sou rezo sosyal yo sòti yon albòm ki pral rele “Petit à petit” pou 2024.
Apre siksè «Sanblan» an jiyè 2020, Pape John rekòmanse an novanm menm ane a ak «Madanm» ki reprann kouplè ki pi popilè nan chante “Ti Jocelyne” òkès Tropicana d Haïti kote li envite jèn fanm jodi a fè yon sèten entwospeksyon nan epòk nimerik la e evite pyèj tripotay yo.
An oktòb 2021, chantè Wanito kolabore ak Pape John sou chante «Vengeance» ki pale de mefyans ki konn enstale pafwa nan koup yo, akoz yon move avanti santimantal youn oswa de patnè yo te viv nan tan pase. Anplis, Pape John rebondi nan menm peryòd la ak yon lòt kolaborasyon ak Kolonel Freez atravè chante «Sanwont» kote li jete yon je moralizatè sou kèk abitid moun de sèks yo ki merite korije oswa reprime.
Chante «Tourné le dos» – ki soti 7 janvye 2022 – ankouraje moun soti nan yon relasyon toksik si y ap sibi move tretman, si patnè nou ap toujou raple nou erè nou te fè nan tan pase.
An avril 2022, chante «Selibatè» soti, kote Pape John chante avantaj selibatè, ki bay yon sèten libète e li pale de chwa l pou l rete selibatè olye l sibi desepsyon relasyon ki gate.
1ye desanm 2022, chantè a deplore sitiyasyon pèp ayisyen an k ap fonse nan prekarite, k ap viv kòm moun yo lage, nan men Pwovidans, e k ap sibi prejidis nan Repiblik Dominikèn ak nan lòt peyi nan «Voye Je sou Nou».
An 2023, Pape John te pwodiktif anpil. Li pwopoze plizyè single tankou «M geri», «Ou gen pou w regrèt», «Beautiful», «Bon lanbi».
14 janvye 2024, Pape John pwopoze chante «Petit à petit» ki ankouraje patnè yo jwenn yon antant mityèl lè gen diskisyon nan relasyon yo. Nan menm kòmansman ane sa a, Pape John kolabore ak yon bann atis tankou Kolonel Freez, Kelly One, M.X. P ak Rocker Fucker sou chante «Pral Gen Kriye».
Pandan l ap tann sòti albòm nan, Pape John konte anpil sou sipò fanatik li yo li rele “fanmi an”. Chak chante, chak videyo atis la sanble ap pwovoke challenge moun apresye anpil sou TikTok.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




