
12 avril pase a, chantèz Fatima Altieri mete yon nouvo single an liy. Se «Prije m». Mòso sa a ap fè sansasyon sou rezo sosyal yo. Pandan y ap tann pwochen albòm estidyo li, fanatik li yo ka pran plezi ak vwa l ki toujou antrene.
Atravè videyo gwoup Lux Creative Studios Abdias Laguerre dirije a reyalize, nou jwenn yon seri imaj bon kalite ak efè limyè ki fè w rete bouch be. Se sitou jwèt wòl yo ki atire; kote Fatima lanse nan avanti nan lespri l pandan l twouve l poukont li ak objè fantasm li nan yon asansè, ki se yon kote ki pa konvansyonèl pou sa ki gen pou wè ak seksyalite. Tout sèn li imajine yo dekri ak yon sansyalite ki dous e sovaj alafwa.
Fatima dekri objè youn nan fantasm seksyèl ki pi komen yo: BDSM (bondage, dominasyon ak sadomazochis). Li antre nan po pèsonaj li: lenjri erotik wouj ak ti bretèl, rad an kwi. Sou tout erotis sa a, gen prezans frèz la tou kòm afwodizyak nan jwèt seksyèl la ki byen dekri san yo pa twò kritike l.
Talantye Sanders Solon mete pawòl li ansanm ak pa Fatima atravè chante «Prije m» nan. Fatima pwopoze chante yon od pou sansyalite fanm, ki twò souvan tounen tabou akoz preskripsyon moral kote yo fòse fanm fè dezi seksyèl ki pi pwofon yo pe.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




