Madi 17 novanm 2026

Mizik

« Ou pran ka m », nouvo chante atis Shega

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Sa gen yon mwa, chantè Shega soti nouvo chante l yo rele « Ou pran ka m ». Sou rezo sosyal yo tankou nan medya tradisyonèl yo, single sa a ap fè ti chemen l.

Ansyen direktris plizyè koral legliz, Shega wè karyè l ap pran vòl jodi a. Nouvo chante sa a se fwi yon konplisite ant talantye pwodiktè Mackendy Salnave, yo rele Maykimak, ak chantè Annette Raphaël, yo rele Shega. Se de pasyone mizik sa yo ki ekri l ansanm.

« An reyalite, chante sa a ki dekri sitiyasyon yon moun ki rejwenn lanmou, pa konsène m vrèman, men nou menm atis, nou mete nou nan po lòt moun pou n ekri chante nou yo », chantè a endike.

« M te konn ap di lanmou pa wè mwen

Men Sanble l te gen yon supriz pou l fè mwen

Li voye w sou wout mwen

San nou pa fè efò, gad jan wap pran swen mwen ».

Atis sa a ki vle fè chemen l kèlkeswa sa k rive, te deja mete plizyè lòt chante devan melomàn yo.

« Damélo » an 2020, Nakupenda an 2021 ak « On Life to live » an 2021.

« Ou pran ka m», ki deja disponib sou tout platfòm sou entènèt ak nan lòt medya, anonse an silans yon nouvo album chantè a gen entansyon prepare ak pi bon pwodiktè nan sektè a.

Atis la di li ouvè tou pou festival entènasyonal yo, nan lide pou l pwomouvwa kilti ayisyen an.

Natif Plezans di Nò a, Shega, pral fè yon toune an Frans 18 jen k ap vini an pou l onore kèk afich.

Li espere tou lapè va gouvènen Ayiti ankò, pou l ka kòmanse yon toune medyatik, òganize konferans pou laprès epi jwe sou sèn nan dis depatman jewografik peyi a.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here