Lendi 16 novanm 2026

Jistis

Omwen 4 moun blese ak bal pa gang «400 Mawozo»

Pa Billy Doré

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

4 moun te blese grav ak bal maten an, 3 mas 2021, nan Gantye nan yon atak ame bandi ki regwoupe sou non « 400 mawozo » te fè. Otobis moun sa yo te ladan l lan te dwe al an Repiblik Dominikèn.

Pandan prezidan konteste Jovenel Moïse ap fè tèt di pou l kòmanse yon referandòm sou yon nouvo konstitisyon, machin ensekirite a ap bat son plen ni nan nivo zòn metwopolitèn Pòtoprens ni nan lòt vil pwovens. Bandi yo aji jan yo vle devan je «enstans konsène yo».

Dapre enfòmasyon jounal la ranmase, yo te fòse chofè machin nan etenn motè a. Lè yo wè chofè a refize kolabore, chèf bandi yo te tire bal reyèl sou machin nan, sa ki mete lavi chofè a ak tout pasaje yo an danje. 4 moun ki blese yo, de fanm ak de gason, kounye a nan komin Fon Parizyen nan yon lopital kote y ap resevwa swen ka yo mande.

Kidnaping, brakaj, atak ame se pami ka popilasyon ayisyen an ap viv chak jou depi Jovenel Moïse rive, li menm yo akize pou vyole atik 134-2 konstitisyon an ki konstate fen manda l nan majistrati siprèm Leta.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo