Enfimyè, womansye, edikatris renome, Odette Roy Fombrun, ikòn nasyonal sa a, selebre 13 jen 2021 sa a 104 ane egzistans li.
Ak 104 an li, li toujou kanpe e li ka okipe afè pèsonèl li pou kont li. Vwa l toujou fèm, tankou si l te gen 20 an.
Moun konnen l sitou pou ekriti l nan liv lekòl, literati pou jèn, woman polisye ak liv istwa, Madan Fombrun konsakre tout lavi l nan edikasyon.
Manman senk pitit, fanm cheve gri sa a fèt Pòtoprens 13 jen 1917. An 1935, li jwenn diplòm li nan Lekòl Nòmal Enstititris. Se li ki te fonde premye lekòl prezkolè an Ayiti (1946).
An 1945, Odette Roy Fombrun pati pou Etazini pou l kontinye etid li nan syans enfimyè.
Pandan l t ap pase Kiba an 1953, dwayèn laj la te swiv kou aranjman flè nan peyi Fidel Castro. Lè l retounen an Ayiti, li te fonde premye boutik flè.
Manm sosyete istwa ak jewografi, Odette Roy Fombrun se yon militan tou. Li fè tèt li defansè edikasyon sivik ak timoun piti.
Menm si li te konnen egzil anba rejim diktatoryal Duvalier yo, edikatris la te chwazi retounen lakay pou sèvi peyi l. Konsa, Odette te fè pati komisyon ki te an chaj prepare avan-pwojè konstitisyon 1987 la.
Militan an te fè plizyè pwopozisyon pètinan. Li te sijere pou sèvis sivik la obligatwa e li te chwazi pou kreye yon komisyon konsilyasyon ak yon akademi pou regle estrikti kreyòl ayisyen an.
Depi plis pase 60 an, santenè a ap kolabore ak edisyon, enprimri ak kay Deschamps.
An 2017, nan okazyon 100yèm anivèsè l, li te envite donè nan Livres en Folie bò kote Makenzy Orcel.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




