Fèk transfere nan Manchester United, Cristiano Ronaldo te frape yon gwo kou yè ak Pòtigal nan eliminatwa mondyal Qatar 2022.
Anplis li ofri ekip li twa pwen viktwa a, bitè lizitanyen an sitou kreye sansasyon lè l pwofite bat rekò kantite gòl make nan seleksyon nasyonal gason. Se Ali Daei, yon ansyen jwè ekip foutbòl iranyen an, ki te gen rekò sa a jis yè.
Ekip li te pèdi nan nòt la anvan fen premye mitan jwèt la devan Iland apre gadyen advès la te bloke penalti l depi 14yèm minit jwèt la, senk fwa ballon d’or la ak konpayi te oblije tann dènye minit yo pou yo te ka kontan gras a de gòl mesye a.
Anefè, apre rekò Michel Platini pou kantite gòl nan faz final koup Ewòp ak anpil lòt ankò, gras a de gòl sa yo, CR7 bat yon lòt. E nouvo viktim nan se ansyen atakan Iran an, Ali Daei, ki te gen rekò sa a depi plis pase 20 an.
Kounye a, nouvo jwè Red Devils yo se vrè detantè rekò a ak 111 gòl nan kont li, Ali Daei vin dèyè l, li desann nan dezyèm plas ak 109 gòl nan kont li.
Ann raple Cristiano Ronaldo vin pi bon bitè nan tout tan an seleksyon foutbòl gason, se pa an seleksyon nasyonal tou kout. Paske jwè fanm tankou Christine Sinclair Kanada, Abby Wambach Etazini, Marta Brezil ak anpil lòt devan l nan zafè gòl make an seleksyon nasyonal foutbòl.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




