8 desanm se dat ki make nan kalandriye litijik la pou solanite Notre Dame de l’Immaculée Conception. Se poutèt sa, kire Pawas Inivèsitè Notre Dame de l’Immaculée Conception Inivèsite Leta Ayiti a, Reveran Pè Frantzy Petit-Homme, te lanse depi 29 novanm 2021 yon nevèn kòm prelid pou fèt la sou tèm: « Ou konn dizon nou manman ». Pandan 5 premye jou nevèn nan te selebre nan pawas la, pou 4 lòt jou yo, kretyen yo te oblije al nan estad Sylvio Cator pou kontinye pèlerinaj yo.
Yon ti jan ezitan okòmansman, fidèl katolik yo pa t fè bak malgre sitiyasyon sekirite a ki move an Ayiti. Kapitèn ekip la, Pè Petit-Homme, te fè tout sa l kapab pou fèt Imakile Konsepsyon an fèt an gran ane sa a. Pandan jou nevèn yo, kretyen yo te ka asiste mès ki te swiv pa adorasyon sen sakreman an pandan tout jounen an.
Lavèy gwo jou a, Channmas te dekore, yo te monte estann pou akeyi evènman an.
Mèkredi 8 desanm 2021, plizyè santèn milye kretyen ki sot toupatou te patisipe nan yon mega pwosesyon.
Soti Lari Lalue rive Channmas, ant yon kamyon ki t ap transpòte estati Lavyèj la ak yon cha ki t ap anime, yon lanmè moun te defile pandan yo t ap chante kantik, resite lapriyè pou mande lapè pou Ayiti.
Sou de bò lari a, yo te leve drapo ayisyen ak drapo Vatikan an, jòn ak blan.
An ble, an blan oswa an ble ak blan, koulè Lavyèj la, plizyè milye kretyen te abiye pou okazyon an.
Nan Channmas, destinasyon final la, achevèk Pòtoprens lan, Monseyè Max Leroy Mesidor, te selebre yon mès.
Pastè pwotestan ak evanjelis tankou Joël Lorquet te envite pou priye an kominyon ak Legliz katolik women an pou liberasyon peyi a.
Notre Dame de l’Immaculée Conception se konsepsyon Vyèj Mari « san tach », san peche orijinèl, dapre definisyon kanonik yo.
Li se sen patwon peyi tankou Pòtigal, Espay, Salvadò elatriye.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




