
Nérilia Mondésir kontinye ekri pi bèl paj foutbòl nasyonal la. Dimanch 6 septanm 2026, kapitèn Grenadyè yo vin premye jwè ki fèt ann Ayiti ki rive 50 match sezon regilye nan National Women’s Soccer League (NWSL).
Kòm yon vrè pyonyè, gwo atakan seleksyon ayisyen an pa sispann louvri chemen pou konpatriyòt li yo. Apre li te premye jwè ayisyèn ki te reyisi an Frans, sa ki te louvri pòt pou bèl gwoup jwè ayisyèn ki la jodi a, li te deja make istwa kòm premye natif Ayiti ki te jwe nan gwo lig ameriken sa a.
Se ak koulè Seattle Reign natif Katye Moren nan selebre 50yèm match senbolik sa a, pandan viktwa ekip li (1-0) kont San Diego Wave. Li antre nan jwèt la senk minit anvan fen match la, epi Grenadyè a patisipe nan viktwa enpòtan ekip li a.
Li te rive nan Eta Washington ete 2024, apre li te kite Montpellier HSC, kote li te jwe pandan sèt sezon (2017-2024). « Nérigol » ap jwe byento twazyèm sezon konplè li Ozetazini. Yon pakou regilye ki ranfòse estati lidè li, pandan kalifikasyon pou yon dezyèm Koup dimonn youn dèyè lòt ak Ayiti ap pwoche.
Jephte Estiverne
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste à Hebdo24, Jephte Estiverne couvre le sport, avec une attention particulière au football, ainsi que la culture et la musique haïtiennes.
Tout atik li yo




