Lendi 23 novanm 2026

Kilti

“N ap Boule” genyen pri Pi bon kout metraj nan Festival FEMI

Pa Hebdo24

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Deux personnes sur une moto avec un feu intense en arrière-plan

Festival FEMI: “N ap boule” eli Pi bon kout metraj ane a

Pandan 28yèm edisyon FEMI, Festival Rejyonal ak Entènasyonal Sinema Gwadloup, yo bay kout metraj ayisyen “N ap Boule” a pri Pi bon kout metraj. Yo anonse nouvèl la sou paj Facebook fim nan, lendi 29 avril 2024 sa a.

Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️  https://bit.ly/3MOKF3G

“N ap Boule” rakonte istwa emosyonan yon chofè taksi yo rele Jean, madanm li prèt pou akouche pandan yon kouvrefe an Ayiti. Akoz defi yon peyi ki nan kawo poze, ak barikad, dife ak bandi, Jean twouve l nan yon kous kont lamontre pou l mennen madanm li lopital e sove lavi madanm li ak pitit k ap vini an.

Alexandrine Benjamin reyalize “N ap boule”, ak Kenny Laguerre ak Ericka Jean-Louis nan wòl prensipal yo. Depi premye li nan Pòtigal nan kad 19yèm edisyon New Directors New Films Festival, kout metraj la fè wonn latè, li pase Bahamas, Trinidad ak Tobago, Toronto, Florid anvan l rive dènyèman Gwadloup kote li jwenn pri Pi bon kout metraj nan Festival FEMI.

Festival FEMI, Festival entènasyonal Sinema Gwadloup, asosyasyon “Images et Cultures du Monde” òganize depi 1992, gen misyon pou l pwomouvwa zèv sinematografik ak sineyas Antiy-Giyàn ak Karayib la. Sakre “N ap Boule” nan 28yèm edisyon festival sa a pwouve yon lòt fwa ankò non sèlman rekonesans sinema ayisyen an, men tou detèminasyon reyalizatè nou yo ki, souvan, pwodui nan kondisyon difisil.

Apre plizyè seleksyon, pri sa a vin rekonpanse travay di ekip “N ap Boule” a ki pataje yon istwa emosyonan ak piblik ki soti tout kote. Tan an fènwa men bon nouvèl yo toujou pote yon ti espwa pou nou. Lè l genyen pri Pi bon kout metraj nan Festival FEMI, “N ap Boule” raple nou se pa kawo a ki defini nou, talan nou ak kreyativite nou ka toujou fè drapo nou flote sou plan entènasyonal pandan y ap fè moun diskite sou tèm tankou rezilyans ak detèminasyon devan obstak yo.

Sous: Célébrité Magazine

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here