Lendi 16 novanm 2026

Sosyete

Murielle Mishma, rèn seksyalite a

Pa Billy Gervé

· 4 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Pale de seksyalite an Ayiti te e toujou rete yon sijè tabou. Gen moun ki trete l ak anpil diskresyon pou yo pa sibi prejije. Men jèn ekrivèn Murielle Mishma di byen fò sa lòt yo ap di tou ba. Li oze pale de li. Anefè, Murielle sòti premye liv li ki rele « Pareilles. À celle qui suit ma trace ». Se yon woman. Li abòde tematik: metrès, lavi koup ak seksyalite.

«Seksyalite se tankou ansanm konpòtman ki gen pou wè ak satisfaksyon ensten seksyèl», ekrivèn nan defini.

«Pareilles» rakonte istwa peripesi fantasmagorik ak santimantal yon jèn fanm ki deside kite pase l dèyè pou l ofri tèt li yon nouvo avni. D avanti an avanti, li rive konprann eksperyans santimantal malere yo pa defini pèsonalite yon fanm ki gen yon gwo desten. Konsa, li envite lòt fanm ki pase nan menm chemen an sèvi ak move chapit lavi yo a pou yo fini istwa yo an bote.

Èske Pareilles vle kase sijè tabou an Ayiti?

«Egzakteman, se pou sa m ekri l. Non sèlman moun souvan evite sijè metrès yo, pa kòm moun k ap benefisye gason marye, men kòm fanm ki renmen yo. Ou ka renmen yon moun ki deja pran paske kè a fè chwa ou pa ka opoze. Sepandan, fòk ou panse a tèt ou e kite lòt la viv lavi l. E anplis, nan liv sa a mwen ekri detay pikan sou sèn seksyèl, e se yon bagay ki byen oze bò kote m.».

«Ekriti te toujou fè pati mwen. Mwen te kòmanse ekri depi laj 14 an. Premye, powèm, epi ti istwa damou yo te konn pibliye pafwa nan magazin CSL la. Mwen te souvan resevwa konpliman bò kote kamarad mwen yo. An 2017, mwen te rekòmanse ekri, men fwa sa a ak yon estil ki pi erotik anpil.»

Konsa li kontinye: «Mwen pa ekri tèks sa yo paske se yon fason pou m atire atansyon. Mwen fè l paske mwen renmen sa e mwen jwenn tèt mwen nan po Ange Bellie Andou lè m li liv li yo. Se sa ki pasyone m. Mwen se kalite fanm ki eksprime klèman sa l santi e ki di franchman sa l panse».

Ekrivèn Mishma ta swete seksyalite pa konsidere ankò kòm yon deba tabou sou tout fòm li. Paske konsiderasyon sa a paralize sosyete ayisyen an. Akoz absans edikasyon seksyèl nan kèk fanmi ayisyen, gen fanm ki pa ka di mari yo pi gwo fantasm yo. Kominikasyon seksyèl trè enpòtan nan relasyon yo.

Pandan l t ap ekri tèks yo, Murielle te santi l ap jwenn yon libète. “Libète sa a ki te pèmèt mwen anvan tout bagay fè tèks sansyèl soti nan ekriti m paske sa fè w byen pou w ka pale lib de seksyalite w alòske ou konnen byen se yon sijè tabou nan peyi m. Pandan lòt moun petèt pè pou kominote a kritike yo”, li kontinye ak souri sou bouch. «Yon santiman epanouyisman ak fyète, men tou de travay fini, sitou lè m imajine bouf chalè ak dezi ki anvayi lektè yo. Gen kèk nan fraz mwen ak mo mwen yo ki pa soti nan aza; mwen chwazi yo espesyalman pou eksite lektè m yo e kenbe yo an alèn.»

Li estime li gen talan pou jan womanesk la depi li te jèn e li ajoute yon ti piman, epi eksperyans pèsonèl li yo te ede l anpil. Ansyen elèv CSL la chwazi mond erotik la paske li jije seksyalite ekstraòdinè, li fè w byen. Pi lwen, li mande tèt li: “Poukisa moun oblije konsidere sijè sa a kòm tabou alòske yo pratike l chak jou? Mwen adore erotis depi m te piti. Fim ki gen rapò ak sèks, fim damou elatriye te fasine m. Mwen te pran plezi gade yo. Se rezon ki fè lè m vin granmoun, mwen rann mwen kont erotis atire m», fe fantasm yo deklare.

«Fanm, nou menm ki te deja oswa ki renmen yon gason ki deja pou yon lòt fanm, di tèt nou kè a pa pran an kont kalite detay sa yo. Pa wont paske nou te renmen konsa, okontrè kanalize lanmou sa a nan yon objektif presi: Jwenn gason lavi nou, sa ki pral pou nou pa nou.» Se mesaj ankourajman liv Pareilles la.

Pòtoprensyèn nan pwofite espas sa a pou l bay tout moun ki pasyone seksyalite saj konsèy. «Lavi a pa fèt sèlman ak sèks; pa mete bonè nou sou kont lefèt nou epanouyi seksyèlman. Sa fè pati bonè a tou, men sa ki pi enpòtan se reyisi lavi w e reyisi nan lavi a paske lè w malere, dezi seksyèl la pa la»

Murielle Joseph fèt Pòtoprens, 31 oktòb 1989. Li te fini etid segondè l lakay Sè Charite Saint Louis Bourdon e li gen yon diplòm inivèsitè an Administrasyon Piblik nan Inivèsite Pòtoprens. Li dekri tèt li kòm yon fanm ki trè ouvè, ki akonpli e ki gen eksperyans. Yon ekrivèn ki trete sijè tabou e ki pibliye tèks erotik sou Instagram. Li di li gen kouraj, li fò, li pèseveran e li gen yon lespri trè ouvè. Yon fanm ki konnen sa l vle e ki sèten li pral reyalize pwojè l yo.

Murielle Mishma bay tèt li misyon pou l fè moun reve atravè plim li. Yon plim dous, plen lavi ak istwa damou youn pi enteresan pase lòt. Malgre tout estereyotip yo, li sètènman ap fè chemen l nan linivè erotik la.

Pataje

Billy Gervé

Billy Gervé, journaliste, rédacteur, Blogueur et étudiant en communication sociale. Il est passionné de la culture | Actuellement rédacteur à Hebdo24.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here