
Ansyen depite Sinal Bertrand, ki vin minis Sante piblik ak Popilasyon (MSPP), èske li pa ta an bòn sante fizik ak mantal? Pandan yon konferans pou laprès resan, titilè MSPP a montre devan kamera yo je ki gen lè pèdi, yon figi fatige ak pawòl ki konfiz.
« Gen 2 moun ki pran katouch pa bal », Sinal Bertrand kite tande, ak pawòl ki pa kowerant pou reponn yon kritik konpayi Barbancourt. Videyo a fè wonn rezo sosyal yo. Depi lè sa a, ansyen palmantè a vin jwèt yon popilasyon ki deja espesyalis nan fè moun ri.
Kèlkeswa jan l ye, pa gen anyen ofisyèl sou eta sante pèsonèl oswa sikolojik Sinal Bertrand. Aparans oswa pawòl izole pandan yon konferans pou laprès pa ase pou fè yon dyagnostik. Men yon bagay sèten: figi minis Sante a louvri pòt pou tout kalite espekilasyon sou pwòp sante li.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yo




