
6 me 2024, Met Gala 2024 la te fèt nan Metropolitan Museum of Art, nan vil New York. Chantèz sid-afriken Tyla pa t pase inapèsi ak wòb li ki te tèlman frajil li t ap anpeche l deplase san èd. Se te yon kreyasyon Balmain, yon wòb fèt ak sab.
Randevou tradisyonèl mòd New York la fèt. 6 me pase a, flè yo te fè “Mòd” nan Metropolitan Museum of Art pou ane 2024 la. Anpil selebrite defile nan bèl kreyasyon ponpe yo, de tanzantan yo eseye respekte tèm nan oswa dress code la.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Anpil selebrite defile pandan sware mòd sa a. Si kèk ladan yo te deplase san pwoblèm, se pa t ka Tyla, akoz frajilite kreyasyon l lan. Kòm li te fèt ak sab, wòb la te anpeche l fè okenn mouvman pou l deplase. Yo te ede l plizyè fwa, ni pou ke wòb la ni pou li menm, pou l te ka monte mach eskalye yo. Finalman, yo modifye kreyasyon an pou bay jèn fanm ventèn nan yon chans pou l pwofite premye Met Gala li.
Jan sa toujou ye, se Anna Wintour, jounalis e redaktris an chèf Magazine Vogue, ki gen ren evènman prestijye sa a nan men l, e ane sa a, aktris Zendaya, atis J-Lo, rapè Bad Bunny ak aktè Chris Hemsworth te akonpaye l. Tèm yo te chwazi a se: Bèl ki nan bwa dòmi: reveye mòd, ak dress code “Jaden tan yo”. Se de la enspirasyon kreyasyon Olivier Rousteing, Direktè atistik Balmain, Tyla te mete a soti.
Non konplè li se Tyla Laura Seethal, jèn sid-afriken 22 an sa a deja genyen yon Grammy gras ak chante l “Water” ki ede l fè non l atravè lemonn. Sid-afriken an, ki byen jèn nan endistri mizik la, deja gen yon notoryete san tach.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





