Seleksyon Ajantin nan te fè fas, jedi 8 septanm 2021 sa a, ak seleksyon bolivyen an nan Estadio Monumental Antonio Vespucio Liberti, ki nan kè kapital la, Buenos Aires, nan faz eliminatwa koup dimonn 2022 la. Kapitèn ajanten an, Lionel Messi, kase rekò Pelé gras a yon masterclass.
Sakre chanpyon Amerik an jiyè pase a ak Ajantin, Messi ap viv yon bèl peryòd an seleksyon. Messi ki pa t leve okenn twofe ak peyi l pandan karyè l ap viv pi bèl moman l. An prezans fanmi l, Messi make yon triple devan Bolivi nan faz eliminatwa koup dimonn 2022 la. Nan 14yèm, 65yèm ak 89yèm minit, Messi ofri Ajantin viktwa a pandan l fè rekò pi bon bitè sid-ameriken Pelé te genyen an tonbe. Yon rekò ki gen 50 an.
Depi 11 jiyè 1971, Pelé te gen rekò pi bon bitè seleksyon sid-ameriken CONMEBOL yo.
Ak 77 gòl li te make ak Brezil, Pelé, pandan yon demi syèk, te kenbe rekò sa a. 50 an pita, kapitèn seleksyon ajantin nan, Lionel Messi, rive nan 79 gòl e li depase mak istorik sa a.
Lionel Messi rekonèt sepandan Pelé, yo konsidere kòm pi bon nan listwa, te genyen tout bagay ak Brezil pandan bèl e gwo karyè l. Bat rekò sa a se yon rèv pis la te karese depi lontan.
Nan fen match la, Lionel Messi pa t ka kache emosyon l devan kamera Laprès. « Mwen te reve sa. Finalman, sa rive. Apre tout ane sa yo ap tann. Pa gen pi bon kote pou selebre l pase isit la. Manman m ak frè m yo la aswè a, yo te soufri anpil e jodi a, y ap selebre. Mwen tèlman kontan », li te avwe ak dlo nan je.
Fèk rekrite pa PSG, Messi se favori pou l genyen yon 7yèm ballon d’or. Messi fèk fete 34 an li an jen pase a, e li ka toujou fè fanatik li yo reve.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




