
Melchie Dumornay kontinye fè bri ak koulè OL Lyonnes. Apre yon antre espektakilè, entènasyonal ayisyèn nan bay yon lòt pèfòmans gwo nivo nan Groupama Stadium, kote li te gwo atizan viktwa laj Lyonèz yo (7-1) kont Paris FC.
Pou kòmansman chanpyona a, Grenadyè a te deja make yon trip kont FC Fleury. Yon premye match fòmidab ki te anonse yon kanpay 2026-2027 anba siy dominasyon.
Kont Parizyèn yo, natif Mibalè a konfime bon fòm li ak yon fèy match ekstraòdinè: de gòl ak de pas desizif (li jwenn nòt pafè 10/10). Nan sèlman de jounen Arkema Première Ligue, milye ofansif la gen deja 7 kontribisyon dirèk nan gòl Lyon yo.
Nan kòmansman sezon sa a, « Corventina » pi plis pase tout tan se pyè angilè ak chèf òkès atak Lyon an. Ayisyèn nan sanble deside pou fè nouvo sezon sa a sezon konsekrasyon total li sou kontinan ewopeyen an.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste à Hebdo24, Jephte Estiverne couvre le sport, avec une attention particulière au football, ainsi que la culture et la musique haïtiennes.
Tout atik li yo




