Mèkredi 25 novanm 2026

Jistis

Matisan, yon ane san ap koule

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Sant Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH) deplore jan otorite Leta yo pa fè anyen ak fo pwomès kominote entènasyonal la, yon ane apre gang yo pran kontwòl total Matisan.

Mèkredi 1ye jen an make yon ane depi bandi ame ap okipe antre Sid kapital la. Yo menm kòmanse aktivite komemorasyon dat sa a, nan nwit 31 me 2022. Rafal bal fè kèk vanyan moun ki rete nan zòn ki tache ak san sa a sote.

Fenomèn sa a fòse anviwon 10 000 moun kite kay yo epi mete 60 000 lòt nan bezwen asistans imanitè, CARDH raple. Pandan rèy kriminèl sa a, anpil moun pèdi lavi yo, yo vyole fanm, san konte atak kont bis transpò kote yo touye pasaje ak bal.

« Kominike sa a vle remete nan opinyon piblik la trajedi 2 jen an, ansanm ak lòt, epi raple obligasyon Leta a ak koperasyon entènasyonal la nan zafè dwa moun. », CARDH ekri.

Òganis la lanse yon apèl bay gouvènman an pou l pran responsablite l pou garanti sekirite popilasyon an dapre tèks lwa yo ak diferan konvansyon entènasyonal Ayiti siyen.

Estrikti a salye an pasan efò Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap fè nan kawo sa a, men polis la bezwen mwayen ki apwopriye pou l fè travay li byen ak sipò popilasyon an pou l bloke malfektè yo.

Nan okazyon 1ye jen an, kèk komèsan ak manm sosyete sivil Gran Sid la lanse operasyon « lari blanch » kòm siy pwotestasyon kont okipasyon wout nasyonal Matisan an, depi yon ane.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here