Nan yon lèt ouvè li voye bay Majistra entèrimè Pòtoprens lan, sa vle di Mesye Lucsonne Janvier, ki te nonmen pa arete dat 7 jiyè 2020, Direktè jeneral Caraibes FM, Marc Anderson Bregard, eksprime endiyasyon l devan yon salte ki pa ka sipòte. Animatè Canal Musical la envite premye sitwayen vil la fè tout sa l kapab pou netwaye kapital peyi a ki anba fatra.
Bonswa mesye majistra,Siw pa tande lèt sa pèsonèlman yon moun paw siman ap vin diw yo ekriw yon lèt e Breg te li’l sou Karayib FM.
Mesye majistra Pòtoprens, ki dènye fwa ou fon ti mache nan lari Pòtoprens?
Mesye majistra Pòtoprens, eske lapli bare’w deja nan lari Pòtoprens sitou leswa?
Mesye majistra Pòtoprens, m’wèw byen fre, se domaj vil la pa ka pwòp menm jan ak premye sitwayen vil la.
Mesye majistra Pòtoprens, kibò pitit ou lekol?Sak pral lekol Potoprens yo, yo mache bò pil fatra byen long, yo mache nan labou nan Pòtoprens, vil ou a.
Pòtoprens, kapital premye repiblik nèg lib. Mesye majistra, èske manman w te janm pale w de Pòtoprens lontan?
Mesye majistra, eske ou konn tande lè yon moun ap bay adrès? Epi yo di 3èm kay#22 aprè 2èm pil fatra a?
Mesye majistra Pòtoprens, lè wap resevwa omològ ou yo tankou majistra Pari, majistra Fort-de-France, majistra Santiago de los caballeros; kibò ou pase ak yo?
Mesye majistra Pòtoprens, ki dènye fwa ou pase nan aveni N, bò stad? Ki dènye fwa ou pase wout dè dal, plas ditali, bisantnè? Ou konn monte bèlè? Pase devan sakre kè? Fon ti pase kanapevè?
Mesye majistra, vil la pa pwòp. Vil la pa santi bon menm jan avè w.
Mesye majistra Pòtoprens, èske nou ka rele w premye sitwayen yon vil ki sal? Petèt tèm nan pa kòrèk.
Mesye majistra, gen moun ki di yo pa mache pwop anko pou vil ou a pa sal yo.
Mesye majistra, lew fin tande let sa, siman ou pral travay pou 2 rezon: swa pou di mwen anto; swa pou vil la an sante e bèl menm jan avèw.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




