Lendi 16 novanm 2026

Sosyete

Magazen, lekòl ak inivèsite pral fèmen pòt yo pou di non a ensekirite

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Sou rezo sosyo yo, nòt antrepriz prive k ap anonse fèmti pwovizwa yo ap tonbe tankou lapli. Devan ogmantasyon ensekirite jeneralize an Ayiti, antrepriz komèsyal sa yo eksprime jan yo bouke. Anpil ka kidnaping anrejistre, vyòl ak brakaj devan je tout moun, Leta sanble pa egziste.

Pèp ayisyen an depase pa evènman yo. Polis la san pouvwa e gang ame yo fè lalwa. Depi plizyè mwa, tout bagay ap mache ralanti nan peyi a. Pou pwoteje tèt yo, sitwayen pwòp dirijan yo abandone yo pa gen lòt chwa pase rezinye yo.

Lendi 14 avril 2021 sa a, yon trantèn antrepriz anonse fèmti pwovizwa yo pou jedi 15 avril 2021, yon inisyativ Anadip sipòte an gwo. Kèk inivèsite, kote yo te kidnape kèk etidyan, p ap fonksyone tou 15 avril 2021.

Alòske kèk lyseyen, pou eseye fè pwofesè yo retounen nan sal klas yo, te mache semèn sa a nan lari Pòtoprens. Polisye te brital ak kèk ladan yo e lòt te viktim gaz lakrimojèn.

Relijye yo te kidnape dimanch pase a ansanm ak kèk manm fanmi yo te jete lwil sou dife a.

Se dezarwa total lè popilasyon an te enfòme sou ensidan òfelina “Chanje lavi” nan Kwadebouke kote malfektè te touye yon gadyen e vyole kèk ti fi.

Lanmò Thébaud te fonse klou a semèn sa a. Li se yon lòt moun ankò yo touye pandan yon tantativ kidnaping Pòtoprens.

Malgre tout kalamite sa yo pèp ayisyen an ap viv, referandòm ak eleksyon rete gwo priyorite dirijan l yo.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo