Etazini, atravè pòtpawòl depatman Leta ameriken an, Matthew Miller, anonse kreyasyon yon Inite ankèt kriminèl an Ayiti. Pou mete antite sa a sou pye, yo prevwa yon kolaborasyon ak Homeland Security Investigations.
Ranfòse lit kont krim transnasyonal, kont trafik moun e sitou kont trafik ilegal zam afe pami lòt, se sa ki pral misyon inite ankèt la.
« N ap kontinye sèvi ak tout zouti ki disponib pou pwomouvwa responsablite aktè kowonpi yo, moun k ap sipòte vyolans gang ak lòt aktivite kriminèl an Ayiti. Etazini rete detèmine pou pwomouvwa lapè ak pwosperite pou pèp ayisyen an », nou li nan nòt anons estrikti sa a.
Pandan, dapre ONI, pifò zam k ap sikile an Ayiti soti Ozetazini, inite sa a pral gen travay tou pou fasilite yon pi bon kontwòl fwontyè yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Wotasyon diplomatik: Raina Forbin devan ka Pascale Guéry, 37 an nan anbasad Sendomeng
20 nov
Forum Pari sou lapè: minis Raina Forbin mande pou kominote entènasyonal la mobilize plis pou Ayiti
12 nov
Bukele mande Ayisyen reprann kontwòl peyi yo epi prezève eritaj Desalin
4 nov
Alix Didier Fils-Aimé plede pou ranfòse relasyon ant Ayiti ak Espay
12 okt





