
31 out 2026 sa a, Lionel Messi anonse ofisyèlman retrèt entènasyonal li. Pandan La Pulga ap kwoke mayo Albiceleste la pou tout tan, ann gade rekò jeni ajanten an kite kòm eritaj.
Menmsi se Kylian Mbappé ki gen rekò absoli gòl nan Koup dimonn (22 gòl), Messi ap rete sila ki te detwone Alman Miroslav Klose. Gras a gòl li kont Ejip nan wityèm final dènye Koup dimonn nan, natif Rosario a fè total li monte a 21 gòl nan konpetisyon ki pi prestijye a.
Menmsi li dèyè nan klasman buteur yo, pèsonn pa fè pi byen pase Ajanten an kòm pasè. De pas li bay kont Angletè nan demi-final Koup dimonn nò-ameriken an fè kontè li rive 12 pas desizif, sa ki amelyore rekò li te deja etabli pi bonè nan tounwa a kont Farawon yo.
Kòm yon vrè moniman lonjevite, Messi gen rekò absoli patisipasyon nan Koup dimonn (34 match) ansanm ak nan seleksyon nasyonal (207 seleksyon), pou yon total ekstraòdinè 125 gòl. 21 jen 2016, li te pran twòn meyè buteur Albiceleste la pou tout tan, ki te pou Gabriel Batistuta anvan (54 gòl), gras a yon bèl kout fwap li make kont Etazini nan demi-final Copa América Centenario.
Ansyen jwè Barcelone an se mèt san diskisyon nan atizay pas ak mayo albiceleste a tou, ak 65 pas desizif nan de deseni karyè entènasyonal. Yon jenewozite li montre jiska dènye kanpay mondyal li kote, a 39 an, li te bay 4 pas desizif ankò.
Nan Copa América, yon konpetisyon li te genyen de fwa, Leo se jwè ki pi desizif nan istwa a ak 32 kontribisyon dirèk. Li te eli pi bon jwè, pi bon buteur ak pi bon pasè edisyon 2021 lan, e kapitèn Inter Miami a fèmen liv yon karyè entènasyonal ki pa gen parèy. Yon paj vire, men lejand lan ap rete grave pou tout tan.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste à Hebdo24, Jephte Estiverne couvre le sport, avec une attention particulière au football, ainsi que la culture et la musique haïtiennes.
Tout atik li yo




