Mèkredi 25 novanm 2026

Sosyete

Leve kanpe kont Digicel, kèk konsomatè viktim pase de pawòl a aksyon

Pa Richarson Bigot

· Mete ajou 17 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Jan yo te anonse l sou rezo sosyo yo sa gen yon semèn, yon sit-in te fèt devan lokal Digicel yo. Pou eksprime kòlè yo, plizyè santèn manifestan te reponn apèl la bonè nan maten 18 oktòb 2021. Avèk gaz lakrimojèn, polis nasyonal d Ayiti te fòse manifestan yo kite plas la.

 

Pou sèvis li ki pa efikas ak dènye tarif sou sèvis MonCash, kèk konsomatè viktim te kole devan rezo wouj e blan an nan Tijo pou eksprime yo bouke. Bandwòl ak pankat nan men, manifestan yo te montre eslogan ki mande konpayi telefòn mobil la retounen sou dènye desizyon l yo.

Byenke mouvman an te pasifik, ajan polis nasyonal yo te kanmenm sèvi ak gaz lakrimojèn.

Devan mikwo ak kamera jounalis yo, kèk manifestan te pwofite denonse Digicel ki, dapre yo, ap anrichi tèt li sou do manm popilasyon an pandan l ofri yo yon sèvis trè move kalite. Yo te denonse tou ensekirite jeneralize an Ayiti, sitou fenomèn kidnaping k ap kraze ekonomi fanmi viktim yo.

Fache, manifestan yo lanse yon iltimatòm bay dirijan ayisyen yo pou yo reponn egzijans popilasyon an oswa pou yo ale.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here