
Atakan ayisyen an, Lenny Joseph, pèmèt Ferencváros domine Milan AC (2-0) nan Europa League, nan katriyèm jounen an. Yon pèfòmans ekstraòdinè Grenadye a ki pote klib li.
Nan San Siro, jedi a, te gen yon sèl mèt: Lenny Joseph. Avèk de gòl li make, zèl seleksyon ayisyen an sele viktwa klib ongwa a kont gran klib italyen an. Tankou nan yon kont fe, yon Lenny espektakilè fè eskò a vire an favè ekip li.
De gòl desizif nan dezyèm mitan an
Entènasyonal ayisyen an louvri eskò a yon ti tan apre dezyèm mitan an te kòmanse (52e minit), ak bon èd Kristoffer Zachariassen. Li vin tounen yon vrè bouwo pou klib Milan an lè l make dezyèm gòl la anviwon yon ka èdtan apre (66e minit), ankò avèk asistans Nòvejyen an.
Apre sa, yo ranplase Lenny, e li fini match la ak pi bon nòt pami 22 jwè yo.
Apre siksè sa a, Ferencváros okipe twazyèm plas nan klasman jeneral Lig Ewopa a. Nan kat match yo jwe, moun Balázs Borbély yo genyen tout.
Jephte Estiverne
Journaliste à Hebdo24, Wilner Bossou couvre principalement le sport, en particulier le football haïtien et international, ainsi que l'actualité, la sécurité et la société en Haïti.
Tout atik li yo




