Envite nan emisyon « 3 pou 5 » Wilfrid Petit-Frère prezante mèkredi 6 avril, sou paj Facebook « KonpaEvents », Richie pale de chantè aktyèl Zenglen an ak anpil bèl pawòl.
Depi album “Bravo Victorious” la soti, Emmi Nickson Louis, oswa Eminix non sèn li, ap fè melomàn yo admire l, sitou Richie, ansyen chantè, tanbourinè ak pwodiktè Zenglen.
Devan mikwo Wilfrid Petit-Frère, lidè Klass la mete Eminix anba limyè pwojektè yo, lè l envite piblik la ak pwofesyonèl laprès yo bay li yon atansyon espesyal.
« Vide ti dlo sou Eminix, Misye gen yon kalite anpil chantè k ap fè bri pa genyen. Vwa Emmi genyen nan estidyo a se menm vwa sa la li genyen nan prestasyon live, se pa yon bagay fasil », li agimante pandan emisyon sa a ki te pase an dirèk sou paj KonpaEvents.
Pou kèk moun, merit la se pou Jean Brutus Dérissaint tou, direktè mizikal Zenglen, ki gen nen pou talan eksepsyonèl. Sou album “No dead end” la, Eminix te deja fè moun remake l atravè twa chante li te chante, sitou “Grèv Bèbè”, youn nan hit disk sa a.
Si istwa Zenglen plen boulvèsman ak enstabilite, gwoup “5 zetwal” la pèmèt gwo talan pran vòl yo, tankou Gracia Delva, Nickenson Prud’homme, Réginald Cangé, Jean Edouard Jean Baptiste, yo rele Frérot, Dabenz, pou nou site sa yo sèlman.
Anplis chantè gwoup la, dènye album Zenglen an ap resevwa kòmantè favorab. Devine kisa!
Richie te patisipe tou nan youn nan chante disk la. Sa di anpil sou relasyon kòdyal ki genyen ant Richie ak ansyen gwoup li a. Ala Klass!
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





