Lendi 16 novanm 2026

Kilti

“Le psychologue”, tou dènye fim Jean Gardy Bien-Aimé

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Affiche du film Le Psychologue avec plusieurs acteurs et actrices posant ensemble

Apre plizyè ane silans, sineyas ayisyen Jean Gardy Bien-Aimé tounen vin jwenn sinefil yo ak tou dènye pwojè li ki rele “Le psychologue”. Se pou n tann 26 me 2024 pou n asiste gran premye a, Ozetazini.

Sa gen lontan depi fame aktè e pwodiktè Jean Gardy Bien-Aimé pa t gen pwojè. Anfèt, li pral ofri sinefil yo yon tou nouvo fim ki rele “Le psychologue”. Gran premye li prevwa pou 26 me k ap vini an, nan Strange Theatre, Boston, vè 6è nan aswè pile.

Pou fèt manman, dènye dimanch mwa me k ap vini an, Jean Gardy Bien-Aimé, yon ansyen nan sinema ayisyen, bay fanatik li yo randevou. Pou 25 dola ameriken (pri davans), yo mande moun ki enterese yo vin gade nouvo pwodui Palmiste Film nan. Pandan evènman an, yo pral onore pèsonalite nan milye kiltirèl la. Plis presizeman kèk nan sinema ayisyen an.

Remake, gen yon pri VIP tou pou espektak la, sa vle di 50 dola. “Le psychologue”, yon fim ki chaje ak imè, se pou w gade l de moun dapre trailer ki parèt sou chanèl Youtube reyalizatè a.

Natif Pòtoprens, Jean Gardy Bien-Aimé fèt 24 janvye 1959. Yon nonm ki gen renome nan sektè sinematografik la, li te gen tan pran diplòm li an jesyon biznis ak an kontablite anvan kòmansman karyè l nan sinema. Li se aktè, reyalizatè e li deja dirije plizyè metraj ki koni tankou “L’enquête se poursuit (1994)”, “Millionnaire par erreur (2002)”.

Sous: Célébrité Magazine

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here