Madi 17 novanm 2026

Kilti

Lè Kery James di li solidè jenès ayisyen an

Pa Billy Doré

· Mete ajou 16 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

“Tris pou nouvèl k ap rive jwenn mwen soti Ayiti, mwen deside pwochen konsè ACES mwen an ap pou jenès Ayisyen an”, Kery James te ekri mèkredi 17 mas 2021 sa a sou paj Facebook ofisyèl li.

Li abityèl pou tande vwa rapè moun renmen anpil nan mond frankofòn nan sou mòso k ap reklame jistis pou moun ki oprime e k ap denonse politisyen ki kòwonpi, tankou nan “Racailles” ki te soti an 2016.

“Mwen swete pèp Ayisyen an konnen yon jou lapè, sekirite ak jistis”, otè fim “Banlieusards” la ajoute, fim ki mete an sèn lavi jèn nwa, pitit imigran nan banlye Lafrans.

E A.C.E.S?

Pour Apprendre, Comprendre, Entreprendre et Servir (A.C.E.S) se yon asosyasyon Kery te fonde an 2008. Ak estrikti sa a, rapè « imanis » la, jan nou ka di, sipòte jèn ki vle kontinye etid siperyè yo ak bous etid.

Depi 2014, Kery James ofri konsè nan diferan vil e chak fwa li remèt yon pati nan kachè l bay yon jèn pou ede l kontinye etid li.

An Ayiti, jou yo ap vin pi nwa de pli zan pli. Anyen pa mache ankò sof kòlè ak fristrasyon yon pèp ki bouke ak dirijan l yo. Atis, sitou rapè atravè mond lan, ap panche sou sò peyi a. Anpil pèsonalite piblik etranje, tankou rapèz ki gen orijin dominiken an, Cardi B, te repran hashtag #FreeHaiti a.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here