Lendi 16 novanm 2026

Kilti

Lè atis Tchelo Check vle vin “King Afro” HMI a

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Kèk melomàn ki konn mizik enkyete anpil pou relèv nan sektè mizik ayisyen an. Se menm figi ki make mizik la pandan twa dènye deseni sa yo ki toujou devan sèn nan. Antretan, lòt stil mizikal, menm si yo enpòte, ap anvayi mache a. Jèn atis yo enfliyanse pa kouran sa a ki trè alamòd. Guimy Chelo Auguste, pi byen konnen sou ti non Tchelo Check, se jèn atis sa a ki swete vin King Afro nan HMI a pandan karyè l.

An efè, Tchelo Check grandi nan yon anviwònman kote mizik ayisyen te toujou la. Premye pitit gason T Guito, ansyen manm enfliyan gwoup Back-Up, ak neve T-Luco Mercedes, ansyen pwòch gwoup mizik Nu Look. Tchelo fè konesans ak mizik ayisyen depi li te piti. Li te konn danse anvan l antre nan yon gwoup rap ak zanmi l.

Nan yon entèvyou li bay redaksyon nou an, li konfye li te detache l pandan 10 an ak mizik ayisyen. Antretan, atis la te lanse nan imobilye; yon sektè ki rapòte anpil Ozetazini.

Men, lanmou l pou mizik ayisyen fòse l rekonekte ak orijin li. Tchelo deja mete twa (3) chante ak videyo klip devan gran piblik la, ki disponib sou YouTube. Ki moun ou ye, Jou bare ak Konplo, se mòso sa yo atis la envite fanatik li yo dekouvri.

Pou kounye a, atis la ap travay ak yon zetwal entènasyonal sou yon pwojè k ap fè bri. Poutan, li evite bay detay sou li. Alontèm, li gen entansyon soti yon album pou fanatik li yo pa sèlman goute pwodui l yo, men tou wè l an dirèk pandan pwochen toune l nan Amerik di Nò, nan Antiy ak an Ewòp.

Tchelo Check, jèn talan ayisyen sa a k ap evolye Ozetazini, avoue pi gwo rèv li se vin King Afro nan sektè mizik ayisyen an.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here