Se nan kay Dufort, ki sitiye nan avni travay la, yon konferans pou laprès te fèt nan kad lansman ekspozisyon « Nway kanpe ». Soti 12 rive 31 mas 2022, pòt Kay la ap rete louvri chak jou ant 10è ak 5è PM, inisyatè yo endike, pandan konferans sa a ki te swiv ak yon vizit zèv ki ekspoze nan plizyè chanm nan kay Dufort. Fondasyon AfricAméricA mete pwojektè l ane sa a sou talan Vilaj atistik Noailles. An efè, yo prezante yon seleksyon ansyen ak nouvo zèv Eddy Jean Rémy, Anderson Bellony (apre lanmò l) ak Falaise Péralte nan yon fòma retwospektiv.
Anvan tout bagay se yon pwojè ki vize sekirize kote kreyasyon ak transmisyon ki egziste nan kominote atistik ak atizanal Vilaj la, si nou ka kwè moun ki prensipalman konsène yo. Sepandan, Vilaj la ki nan Kwadebouke – fyèf bandi gang 400 Mawozo – ap sibi tou ensekirite moun ki lou ame sa yo ap fè. Nan menm lojik la, li [ce projet] pwopoze lite kont apovrisman kominote a atravè kreyasyon koleksyon atizay kontanporen Mize Kominotè Noailles ak egzekisyon yon Plèdwaye pou sovgade Vilaj la.
Akoz zak bandi yo ap fè chak jou nan zòn sa a, kay Dufort resevwa ane sa a ekspozisyon zèv sa yo pandan anviwon 20 jou.
AfricAmericA, prensipal inisyatè ekspozisyon an, rasanble yon premye kolektif pwofesyonèl nan atizay vizyèl Ayiti. Fondasyon sa a ki kreye depi 1999, akonpaye depi ane 2004 yo, nan kominote Vilaj atistik Noailles, 4 kay vodou, plis pase 80 atelye, 300 fwaye eskiltè ki gen yon tradisyon inik, orijinal, « fè dekoupe » a.
Asosyasyon Atis ak Atizan Kwadebouke ak mize Kominotè Georges Liautaud, se de lòt konplis ki patisipe nan reyalizasyon pwojè a.
Anplis, ekip òganizatè a remèsye ak tout fòs li FOKAL, Anbasad Laswis ann Ayiti, Bank Karayib pou Devlopman, atravè yon pwogram CIIF ak enkibatè atizay vizyèl la ki pèmèt yo asosye yon modil fòmasyon teknik ak montaj twa ekspozisyon sa yo.
Ann raple Vilaj Noailles se yon ansyen abitasyon kolonyal. Malgre advèsite yo, li rete, depi lagè endepandans Ayiti, yon modèl san parèy, dapre istoryen Jacques de Cauna.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





