Lendi 16 novanm 2026

Kilti

Avèk “La transe des masques”, Marnatha Irène Ternier vle devwale tout bagay

Pa Billy Doré

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Couverture du livre La transe des masques et portrait d'une femme aux mains sur le visage

Pibliye ete sa a lakay C3 Éditions, La transe des masques, yon rekèy nouvèl Marnatha Irène Ternier, se yon gade sou relasyon sosyal, edikasyon nan fanmi ak pèt valè sosyal nou yo. Ak premye liv li a ki gen 410 paj, li fè antre l nan mond literè a epi li kite tout sansiblite l ak anvi l genyen pou l libere l koule.

Literati ofri pi bon espas pou pale de mond lan e sitou pou fè valè lide nou, menm sa ki pi fou yo. Paske l konnen se yon privilèj, Marnatha Irène Ternier pran plim li pou l apwoche reyalite a epi pou l fè yon refleksyon pwofon sou fason nou viv chak jou ak laperèz nou ak mas nou yo. Anplis, pou Marnatha Irène Ternier, literati se yon pòt sòti.

Rekèy sa a gen 14 nouvèl. Li pèmèt lektè a vwayaje atravè mès ak defo sosyete ayisyen an. Otè a afime liv sa a sèvi l pretèks pou l lonje dwèt sou lojik fo ki nan kè relasyon sosyal yo. “Nou tout pote yon mas. Sitiyasyon sa a touche prèske tout aspè nan lavi nou. Pratik relijye nou. Pratik ak oryantasyon seksyèl nou, elatriye ”, Marnatha ensiste pandan l ap pale ak redaksyon nou an.

Ansyen Minis Kilti ak Kominikasyon Pradel Henriquez te vle souliye merit liv sa a ki pa fèmen nan yon jan espesifik. Kòm otè prefas la, li souliye Marnatha prete “pafwa nan filozofi, nan istwa, nan kritik literè, nan istwa relijyon ak nan dega relijyon sa yo lakòz”.

Lwanj sou zèv la souliye tou enpòtans tèm li trete yo. Doktè Jean-Elie Gilles, pou pa l, revele prezans tèm altèrite, tanporalite egzistans nou sou tè a ak trans kòm fon liv la. “E altèrite sa a, vize non sèlman doulè fanm nan yon mond mechan ki toujou kole nan machis, ki tradui pa feminizasyon ak biseksyalite anpil gason. Li fè l tou pòt drapo omoseksyèl yo ak tout lòt gwoup yo diskrimine…”, li avwe.

Konsènan Marnatha Irène Ternier

Ansyen Minis Ayisyen k ap Viv Aletranje, Marnatha Irène Ternier gen yon long pakou nan administrasyon piblik ayisyen an. Sou plan lavi prive l, li fèt e li grandi Pòtoprens, plis presizeman nan wout Dalles. Paran l se moun Lavale Jakmèl.

Anvan l antre nan administrasyon piblik la, li te jwenn yon lisans an Enfòmatik nan ESIH. Li gen yon diplòm tou nan maketing ak relasyon piblik, yon brevè nan operasyon bankè ak yon sètifika nan kontablite ak mache piblik. Pou kounye a, l ap swiv yon pwogram metriz nan Administrasyon piblik.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here